¶ Se pami moun yo toujou chwazi yon granprèt, lèfini yo mete l' apa pou l' ka fè sèvis Bondye pou yo. Se li menm tou ki pou ofri kado ak bèt pou touye pou peche yo bay Bondye.
Se nan mitan lèzòm yo chwazi granprèt yo. Granprèt la la pou ede moun nan sèvis y ap fè pou Bondye. Li la pou ofri ofrann ak sakrifis pou peche yo bay Bondye