Ebre 6:6
Print
Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l' wont devan tout moun ankò.
Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun konsa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International