Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbraj sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz tapral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
An reyalite, travay prèt sa yo ap fè, se tankou kopi ak lonbraj sa ki nan syèl la. Se sa k fè, men sa Bondye te di Moyiz lè li t ap bati Tabènak la: “Fè sèten ou fè tout bagay egzakteman selon modèl mwen te montre w sou mòn nan.”