Ebre 9:4
Print
Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a.
Nan Kote ki pi Sen an, te gen yon lotèl kouvri ak yo te sèvi pou boule lansan. Te gen Kòf kontra a tou ki te gen yon kouch lò sou tout kò l. Anndan Kòf la, te gen yon bokal an nò ki te gen lamàn ladan l, te gen baton Arawon an, baton ki te pouse boujon an, epi te gen de wòch plat ki te gen dis kòmannman ansyen kontra a ekri sou yo.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International