Men, se granprèt la ase ki gen dwa antre nan dezyèm ti tant lan. Li fè l' yon sèl fwa chak lanne. Lè sa a, li pote san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l' ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pa t' konnen.
Men se sèlman granprèt yo ki te ka antre nan dezyèm chanm nan yon sèl fwa nan yon ane. E li pa t janm ka antre san l pa t gen san bèt nan men l. Se san sa a li te ofri bay Bondye pou peche pa l ak pou peche pèp la te komèt san yo pa konnen.