¶ Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.
Èske gen moun pami nou ki reyèlman saj, yon moun ki vrèman gen bon konprann? Alò, li dwe manifeste sa nan yon bon konpòtman, nan sa l ap fè avèk imilite epi ak sajès.