¶ Lè sa a, yo vin rakonte Jezi ki jan, pandan yon sèvis yo t'ap fè, Pilat te fè touye kèk moun peyi Galile a, epi li fè melanje san yo ak san bèt yo t'ap ofri bay Bondye.
Lè sa a, te gen kèk moun ki te la ki di Jezi sa Pilat te fè yon gwoup moun peyi Galile ki te vin adore Bondye. Pilat fè touye yo. San moun sa yo te melanje ak san bèt yo te pote pou ofri an sakrifis yo.