Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li.
Anvan Janbatis te vini, Bondye te toujou anonse pèp la pou yo viv lavi sou baz sa lalwa Moyiz la ansanm ak ekri pwofèt yo te di. Men, depi Janbatis fin vini an se Bòn Nouvèl Wayòm Bondye a k ap preche epi moun ap fè anpil jefò pou yo antre ladan l.