¶ Pandan Jezi te nan yon lavil, yon nonm ki te kouvri ak lalèp vin rive. Lè l' wè Jezi, li lage kò l' fas atè, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou ka geri mwen.
Pandan Jezi te nan youn nan vil yo, yon nonm ki te gen tout kò l kouvri ak la lèp te rankontre ak li. Lè li wè Jezi, nonm nan lage kò l fas atè, li sipliye Jezi, li di li: “Mèt, si ou vle, ou kapab pirifye m.”