Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo.
Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo.