Jan ou di a, se pou nou renmen l' ak tout kè nou, tout lespri nou, tout fòs nou, epi se pou nou renmen frè parèy nou tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Sa pi bon lontan pase tout ofrann n'ap boule pou Bondye ansanm ak tout lòt bèt n'ap ofri pou touye pou li.
Nou dwe renmen li ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou, epi ak tout fòs nou; epi renmen pwochen nou menm jan ak pwòp tèt nou. Sa gen plis valè pase tout ofrann ak sakrifis nou ka ofri ba li.”