Font Size
Matye 1:17
Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou.
Konsa, sòti nan Abraram pou rive nan David, gen katòz jenerasyon papa ak pitit. Sòti nan David pou rive nan depòtasyon pèp la nan peyi Babilòn, gen yon lòt katòz jenerasyon. Sòti nan depòtasyon nan peyi Babilòn pou rive nan dat nesans Mesi a, gen yon lòt katòz jenerasyon.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International