Font Size
Matye 21:33
¶ Koute yon lòt parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou krase rezen yo. Li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li, lèfini li pati, li al nan vwayaj.
“Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International