Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l' nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.
Lè w bay pòv yon bagay, ou pa bezwen ap klewonen twonpèt pou moun ka wè w. Pa aji tankou ipokrit. Se konsa yo fè l nan sinagòg yo ak nan lari a, pou yo ka resevwa louwanj nan men moun. Anverite, m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja.