¶ Se konsa, zanmi m' yo, nou tout nou te toujou obeysan lè m' te la avèk nou. Koulye a m' pa la ankò, se lè sa a pou n' pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.
Zanmi m yo, nou toujou obeyi m nan sa m di nou lè mwen avèk nou. Kounye a mwen pa la, li pi enpòtan ankò pou nou fè sa m mande nou fè. Kontinye viv yon fason ki montre nou se moun sove vre. Fè sa ak anpil respè ak krentif pou Bondye.