¶ Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l' te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife.
Apre sa, m wè yon anj puisan ki desann sot nan syèl la. Anj lan te vlope ak yon nyaj. Li te gen yon lakansyèl sou tèt li. Figi anj lan te menm jan ak solèy la epi janm li yo te sanble ak gwo kolòn, epi yo te tankou flanm dife.