Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la.
Apre sa, m tande yon vwa nan syèl la k ap di byen fò: “Kounye a, jou delivrans lan rive, jou puisans Bondye a, jou reny Bondye a ansanm ak pouvwa Kris li a, paske akizatè frè ak sè nou yo ranvèse anba. Se li menm ki te konn akize yo devan Bondye lajounen kou lannuit.