Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l' te genyen!
Yo t ap voye pousyè sou tèt yo epi yo te pran dèy. Yo t ap di: “Gade yon tray pou gwo lavil la! Vil sa a te konn anrichi tout moun ki gen bato sou lanmè poutèt gwo richès li! Epi men li kraze nèt nan inèd tan!