¶ Benediksyon pou moun k'ap li liv sa a. Benediksyon pou tout moun k'ap koute pawòl mesaj sa a ki soti nan Bondye, pou tout moun k'ap obeyi tou sa ki ekri nan Liv sa a, paske pa rete lontan ankò pou bagay sa yo rive.
Moun k ap li liv sa a ansanm ak moun yo k ap tande sa liv sa a di, moun sa yo se moun ki ere, si yo mete an pratik pawòl sa yo. Paske moman ki fikse pou bagay sa yo prèske rive.