Font Size
Revelasyon 20:4
Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an.
Apre sa, m wè plizyè twòn. Moun ki te chita sou yo te resevwa pouvwa pou jije. M wè moun yo te touye yo tou. Men rezon ki fè yo te touye yo: Yo te temwen Jezi epi yo t ap preche mesaj Bondye te ba yo. Yo pa t adore ni bèt la ni estati bèt la. Yo pa t pran mak li a ni sou fon yo, ni sou men yo. Yo menm, yo resisite epi y ap dirije ansanm ak Kris la pandan mil (1,000) an.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International