Ròm 11:24
Print
Ou menm ki pa jwif, ou se yon branch pye oliv mawon yo koupe. Atout ou mawon an, yo grefe ou sou pye oliv kay la. Men jwif yo menm, se branch pye oliv kay la menm yo ye. L'ap pi fasil toujou pou grefe yo ankò sou pyebwa pa yo a.
Ou menm, ou te yon branch nan yon pye bwa sovaj. Yo te debranche w epi yo te grefe w sou yon bon pye bwa. Ka pa w la pa natirèl. Jwif yo, yo menm, yo soti nan bon pye bwa a. Alò, Bondye ap grefe yo fasil fasil ankò sou pye bwa sa a kote yo te soti a.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International