Jwif yo tounen lènmi Bondye paske yo derefize asepte Bon Nouvèl la. Men, se te pou byen nou, nou menm moun lòt nasyon yo. Men, Bondye toujou renmen yo poutèt zansèt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo.
Pou kounye a, gen Jwif ki refize aksepte Levanjil. Lè yo fè sa, yo tou rejte Bondye. An reyalite yo fè tèt yo lènmi Bondye. Sa rive konsa poutèt ou menm ki pa Jwif. Men yo toujou rete pèp Bondye chwazi a, epi Bondye renmen yo, poutèt pwomès li te fè zansèt yo.