Ròm 15:27
Print
Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki soti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pa t' jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo.
Yo te kontan fè sa. Se kòm si yo te gen yon dèt pou legliz nan Jerizalèm. Paske yo pa Jwif, epi yo te jwenn benediksyon espirityèl pa mwayen Jwif yo. Konsa, yo t ap sèvi ak benediksyon materyèl yo genyen pou yo ede Jwif yo.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International