Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.
Nou wè tou, kijan Bondye montre kòlè li kont tout move zak moun ap komèt devan l. Yo pa gen okenn respè pou Bondye, y ap komèt move zak youn kont lòt. Mechanste lavi yo anpeche moun konnen verite a sou Bondye.