Font Size
Ròm 1:20
Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.
Gen bagay Bondye genyen moun pa ka wè: egzanp puisans san limit li ak sa ki fè Bondye se Bondye toutbon vre. Tout bagay sa yo, moun ka konprann yo byen fasil nan sa Bondye fè, depi nan kreyasyon an. Bondye fè yo parèt byen klè nan sa l fè. Se poutèt sa, pa gen eskiz pou pèsòn.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International