Font Size
Ròm 4:16
Konsa, Bondye fè pwomès la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sak fè, pwomès la se yon favè Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sèlman pou moun ki fè sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout,
Konsa, yon moun jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè l gen lafwa. Se konsa sa ye pou pwomès la kapab yon kado vrèman vre. Epi si pwomès la se yon kado, lè sa a, se sèten tout desandan Abraram yo ap jwenn pwomès sa a. Pwomès la pa sèlman pou moun k ap viv anba Lalwa Moyiz la. Li pou tout moun k ap viv pa lafwa menm jan ak Abraram. Abraram se papa nou tout.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International