Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.
Se li menm ki louvri pòt lagras Bondye n ap jwi kounye a, poutèt konfyans nou mete nan li. Se sa k fè nou kontan anpil, paske n ap tann, yon jou, pou n patisipe nan laglwa Bondye.