Ròm 6:16
Print
Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.
Nou sipoze konnen lè yon moun lage kò l bay yon bagay pou l fè tout sa l vle avè l, li vin esklav bagay sa a. Nenpòt bagay oubyen nenpòt moun w ap swiv, se mèt ou li ye. Ou ka swiv peche, oubyen Bondye. Swiv peche mennen nan lanmò espirityèl, men lè w ap obeyi Bondye, ou vin jis devan li.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International