Ròm 6:19
Print
M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.
M pran egzanp sa a nan lavi chak jou, paske nou bezwen èd pou n konprann bagay espirityèl yo. Nan tan pase, nou te lage kèk pati nan kò nou pou yo te tounen esklav imoralite ak move panse ki pouse moun tonbe nan peche. Sa te lakòz nou t ap viv nan dezobeyisans kont Bondye. Menm jan an tou, nou dwe livre tèt nou kòm esklav pou fè sa ki byen. Rezilta sa va bay se yon lavi ki sen.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International