Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l' vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè.
Si l al marye ak yon lòt gason pandan mari l toujou vivan, li komèt adiltè. Men si mari l mouri, li pa anba lalwa maryaj la ankò. Li pa komèt adiltè si l marye ak yon lòt gason.