Bible in 90 Days
8 Seyè a di Moyiz konsa: -Fè pòtre yon sèpan parèy ak sèpan sa yo. Mete l' sou yon poto byen wo. Konsa, depi yon sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi li p'ap mouri.
9 Moyiz pran kwiv, li fonn li, li fè yon sèpan parèy ak sèpan yo. Lèfini, li mete l' sou yon poto byen wo. Tout moun sèpan mòde, depi yo voye je yo gade sèpan an kwiv la, yo pa mouri.
10 ¶ Moun pèp Izrayèl yo pati, y' al moute kan yo nan fon Obòt la.
11 Apre sa, yo kite fon Obòt, y' al moute kan yo bò mazi Abarim yo nan dezè ki sou bò lès peyi Moab la.
12 Apre sa ankò, yo kite kote yo te ye a, y' al moute kan yo nan ravin Zerèd.
13 Lè yo kite ravin Zerèd, y' al moute kan yo lòt bò larivyè Anon nan dezè ki rive jouk nan teritwa moun Amori yo. Rivyè Anon sa a te sèvi fwontyè ant peyi Moab ak peyi Amori a.
14 Se poutèt sa, nan liv istwa ki rakonte batay Seyè a, nou jwenn yo pale sou lavil Vayèb, nan peyi Soufa a, ak ravin li yo, sou rivyè Anon
15 avèk fon lavalas li yo, ki desann bò lavil Amoab la nan direksyon fwontyè peyi Moab la.
16 Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al yon kote yo rele Beyè. Se la Seyè a te pale ak Moyiz, lè li te di l': Reyini tout pèp la. Mwen pral ba yo dlo.
17 Lè sa a, moun Izrayèl yo pran chante chante sa a: Pi a bay dlo! Annou chante pou sa!
18 Pi chèf yo te fouye Avèk baton kòmandan yo! Pi grannèg yo te fouye Avèk baton yo sèvi lè y'ap mache a! Apre sa, yo kite dezè a, y' al moute kan yo Matana.
19 Lè yo kite Matana, y' ale Nakalyèl. Lè yo kite Nakalyèl, yo moute Bannòt.
20 Lè yo kite Bannòt, y' ale nan fon ki nan peyi Moab la, jouk sou tèt mòn Pisga, kote y'ap gade tout dezè a nan pye yo.
21 ¶ Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo voye mesaje bò kote Siyon, wa peyi Amori a, pou di l' konsa:
22 -Kite nou pase ase nan mitan peyi ou la! Nou p'ap kite wout nou pou pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata bwè nou p'ap bwè dlo nan pi ou yo. N'ap rete sou gran chemen ou va moutre nou an, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi ou la.
23 Men, Siyon pa t' vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp l' a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l' al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l' atake yo.
24 Men, moun Izrayèl yo touye anpil ladan yo nan batay la, yo pran tout peyi a nan men yo, depi larivyè Anon nan sid rive larivyè Jabòk nan nò, toupre fwontyè peyi Amon an, ki te yon fwontyè byen gade.
25 Se konsa, moun Izrayèl yo pran tout lavil moun Amori yo, depi Esbon, kapital la ak lòt ti bouk nan vwazinaj li ki te sou kont li, epi yo rete ladan yo tout.
26 Lavil Esbon te kapital peyi a. Se la Siyon, wa peyi Amori a, te rete. Se menm Siyon sa a ki te goumen kont ansyen wa peyi Moab la epi ki te pran tout peyi a pou li jouk larivyè Anon.
27 Se poutèt sa sanba yo di: -Ann ale Esbon! Ann al bati l' ankò! Ann al mete lavil wa Siyon an kanpe sou de pye l' ankò!
28 Paske yon sèl dife te soti lavil Esbon, Wi, lame wa Siyon an derape tankou yon flanm dife, li boule lavil A Moab. Li devore tout chèf ki rete sou mòn Anon an.
29 Sa pral rèd nèt pou nou, moun peyi Moab! Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch! Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache. Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye nan men Siyon, wa peyi Amori a.
30 Men koulye a, se moun lavil Esbon yo ki pèdi nèt fwa sa a! Nou mete kou sou yo depi lavil Esbon rive Dibon! Nou devaste peyi a kite l' blanch jouk Nofak, toupre Medeba.
31 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo vin rete nan peyi Amori a.
32 Moyiz menm voye kèk moun wè ki jan sa ye nan lavil Jazè. Apre sa, moun Izrayèl yo mache pran lavil la ak lòt ti bouk ki nan vwazinaj li. Kote yo pase, yo mete moun Amori yo deyò lakay yo.
33 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo tounen sou wout yo, yo pran chemen ki mennen lavil Bazan. Epi Og, wa lavil Bazan an, leve tout pèp l' a, li vin kontre ak yo pou l' atake yo bò Edreyi.
34 Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa bezwen pè msye! M'ap fè nou kraze l' anba pye nou, li menm ansanm ak tout pèp l' a. M'ap fè nou pran peyi l' la pou nou. Nou pral fè l' pase sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete Esbon an, pase.
35 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo touye Og, ansanm ak pitit gason l' yo ak tout pèp l' a. Yo pa kite yonn chape, yo pran tout peyi a pou yo.
22 ¶ Moun pèp Izrayèl yo kite kote yo te ye a, y' al moute kan yo nan plenn Moab, ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
2 Lè wa Balak, pitit Zipò, wè tou sa moun pèp Izrayèl yo te fè moun Amori yo,
3 li menm ak tout moun pèp Moab yo te vin pè pèp Izrayèl la kou chat, paske moun pèp Izrayèl yo te anpil anpil.
4 Moun Moab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo: -Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann. Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Moab.
5 Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men komisyon li te voye ba li: -Men, gen yon pèp la a ki soti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Koulye a, men yo kanpe toupre lòt bò fwontyè peyi mwen an.
6 Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m'. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt.
7 Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li komisyon Balak la.
8 Balaram di yo: -Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Seyè a va fè m' konnen. Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo rete lakay Balaram.
9 Bondye vin bò kote Balaram, li di l' konsa: -Ki moun sa yo ki lakay ou a?
10 Balaram reponn: -Se Balak, pitit Zipò a, wa peyi Moab, ki voye yo vin di m':
11 Men gen yon pèp ki soti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a.
12 Men Bondye di Balaram konsa: -Piga ou ale ak mesye sa yo, tande. Piga ou bay pèp Izrayèl la madichon, paske se mwen ki beni yo.
13 Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, l' al jwenn moun Balak te voye yo, li di yo: -Tounen lakay nou, paske Seyè a pa vle kite m' ale ak nou.
14 Se konsa chèf moun Moab yo leve, yo tounen bò kote Balak, yo di l' konsa: -Balaram refize vini avèk nou!
15 ¶ Lè sa a, Balak voye yon bann lòt chèf kote Balaram ankò. Men, fwa sa a chèf sa yo te pi plis, epi yo te pi grannèg pase premye yo.
16 Mesye yo leve vre, y' ale bò kote Balaram, epi yo di l' konsa: -Men sa Balak, pitit Zipò a, voye di ou: Tanpri, pa kite anyen anpeche ou vin bò kote m'.
17 Gade: m'ap kite anpil bèl bagay pou ou. M'ap fè tou sa ou di m' fè. Tanpri, vini non! Vin bay pèp sa a madichon pou mwen.
18 Men, Balaram reponn moun Balak yo, li di yo: -Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, Bondye mwen an.
19 Yon sèl bagay, nou mèt dòmi isit la aswè a, pou m' ka konnen si Seyè a gen lòt bagay li vle di m' ankò.
20 Jou lannwit sa a, Bondye vin jwenn Balaram, epi li di l' konsa: -Si se chache mesye sa yo vin chache ou, ou mèt leve ale ak yo. Men, se sa mwen di ou fè ase pou ou fè.
21 Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, li sele manman bourik l' a, epi li pati avèk chèf moun Moab yo.
22 ¶ Pati Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik l' a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l' yo, zanj Seyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l'.
23 Lè manman bourik la wè zanj Seyè a ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe li nan men l', bourik la chankre, li lage kò l' nan jaden. Balaram bat bourik la jouk li fè l' tounen sou wout la.
24 Men zanj Seyè a vin kanpe yon kote wout la te jennen, kote wout la pase nan mitan de jaden rezen avèk yon miray kloti sou chak bò.
25 Lè manman bourik la wè zanj Seyè a, l' al fwote kò l' sou miray la. Se konsa li kwense pye Balaram sou miray la. Balaram tanmen bat l' ankò.
26 Zanj Seyè a fè yon ti mache ankò, epi l' al kanpe yon kote wout la te pi jennen toujou, kifè pa t' gen yon ti espas menm pou pase ni adwat, ni agoch.
27 Lè bourik la wè zanj Seyè a, fwa sa a, li kouche ak tout Balaram sou li. Balaram fache, li tonbe bat bourik la ak gwo baton ki te nan men l' lan.
28 Lè sa a, Seyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa: -Kisa m' fè ou? Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa:
29 Balaram di bourik la konsa: -Se paske w'ap pase m' nan jwèt! Pa pito se te yon manchèt osinon yon nepe ki te nan men m', ou ta gen tan konnen. Ou mouri lontan!
30 Bourik la reponn, li di l': -Eske se pa bourik ou mwen ye! Se pa sou mwen ou toujou moute depi tout tan jouk jòdi a? Ou janm wè mwen konn aji konsa avè ou? Balaram reponn: -Non!
31 Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè.
32 Zanj lan di l' konsa: -Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pa t' dwe al fè vwayaj sa a.
33 Men bourik ou a te wè m'. Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre. Men, ou mèt di l' mèsi, paske si li pa t' fè sa, mwen ta gen tan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè l' anyen.
34 Balaram reponn: -Sa m' fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pa t' konnen se ou menm ki te bare wout la devan m'. Men si koulye a ou pa vle m' al pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen.
35 Men, zanj Bondye a di li: -Ou mèt ale ak mesye yo. Sèlman, pa di anyen pase sa m'a di ou di. Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote l' yo.
36 ¶ Lè Balak vin konnen Balaram t'ap vini, li pati, l' al kontre l' jouk Amoab, yon lavil sou fwontyè bò larivyè Anon an.
37 Balak di Balaram konsa: -Ki jan fè mwen voye moun al chache ou, ou pa vin jwenn mwen? Se konprann ou konprann mwen pa ta ka resevwa ou jan ou merite l' la?
38 Balaram reponn: -Apa mwen vini fwa sa a! Men mwen tou pale ou, se pawòl Bondye va mete nan bouch mwen ase m'ap di.
39 Se konsa, Balaram ale avèk Balak jouk yo rive lavil Kiriyat-Ousòt.
40 Rive la, Balak fè touye bèf ak mouton, epi li voye kèk moso vyann bay Balaram ansanm ak chèf ki te avè l' yo.
41 Nan denmen maten, Balak pran Balaram, yo moute sou mòn Bamòtbaal. Antan yo la, yo te kapab wè yon pòsyon nan moun Izrayèl yo.
23 ¶ Balaram di Balak konsa: -Bati sèt lotèl isit la pou mwen. Apre sa, ban mwen sèt towo bèf ak sèt belye mouton.
2 Balak fè sa Balaram te di l' fè a. Lèfini, Balaram ak Balak touye yon towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl.
3 Apre sa, Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete ap boule la a. Mwen menm, mwen pral wè si Seyè a p'ap vin jwenn mwen. Apre sa, m'a fè ou konnen sa l'a fè m' wè a. Epi l' ale sou tèt yon ti mòn ki pa t' gen yon ti pyebwa sou li.
4 Epi Bondye vin jwenn li la. Balaram di l' konsa: -Mwen te fè bati sèt lotèl pou ou, epi mwen te touye yon towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou ou.
5 Seyè a pale ak Balaram byen pale. Apre sa, li di l': -Tounen bò kote Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la.
6 Se konsa, Balaram tounen bò kote Balak. Li jwenn li kanpe bò ofrann boule yo ansanm ak lòt chèf moun Moab yo.
7 Lèfini, li pran chante chante sa a: -Balak fè m' kite peyi m', peyi Aram. Wa Moab la fè m' desann soti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m': Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo.
8 Men ki jan ou ta vle pou m' madichonnen moun Bondye pa madichonnen? Ki jan ou ta vle pou m' kraponnen moun Bondye pa kraponnen?
9 Mwen kanpe sou tèt gwo wòch yo, mwen wè yo. Antan mwen sou ti mòn yo, m'ap gade anba: Wi, se yon pèp k'ap viv yon jan apa pou kont li. Se yon pèp ki pa menm ak lòt pèp yo!
10 Ki moun ki ka konte valè pitit Jakòb genyen? Yo anpil tankou grenn pousyè ki sou latè. Ki moun ki ka konte valè pitit Izrayèl yo ye? Mwen ta renmen mouri tankou moun ki mache dwat devan Bondye. Mwen ta renmen fini tankou yo ak kè poze.
11 Balak di Balaram: -Kisa w'ap fè m' konsa? Mwen mennen ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon, epi se beni mwen wè w'ap beni yo!
12 Balaram reponn: -Mwen te tou di ou se sèlman pawòl Seyè a va mete nan bouch mwen m'ap di.
13 ¶ Balak di Balaram konsa: -Ann al avè m' yon lòt kote. Antan ou va la, ou p'ap wè tout pèp Izrayèl la, men sèlman yon pòsyon ladan l'. W'a rete kanpe la, epi w'a bay ti sa w'a wè a madichon pou mwen.
14 Balak pran Balaram, li mennen l' nan jaden Santinèl yo, sou tèt mòn Pisga. Lè l' rive la, li bati sèt lotèl. Epi li touye yon jenn ti towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou Bondye.
15 Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete boule sou lotèl yo. Mwen menm, mwen pral kontre ak Bondye pi devan.
16 Seyè a vin jwenn Balaram, li pale ak Balaram byen pale ankò, epi li di l': -Tounen al jwenn Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la.
17 Se konsa Balaram tounen bò kote Balak, li jwenn li kanpe bò ofrann boule yo ansanm ak tout chèf moun Moab yo. Epi Balak mande l': -Kisa Seyè a di konsa?
18 Epi Balaram pran chante chante sa a: -Souke kò ou, Balak! Vin tande! Pare zòrèy ou, pitit Zipò!
19 Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!
20 Yo ban m' lòd pou m' beni pèp Izrayèl la! Lè Bondye fin bay benediksyon l', nanpwen anyen mwen ka fè ankò.
21 Mwen pa wè okenn malè pou moun Jakòb yo. Ni mwen pa wè okenn traka pou moun Izrayèl yo. Seyè a, Bondye yo a, l'a avèk yo. Yo tout kontan, y'ap fè konnen se li ki wa yo.
22 Paske, lè Bondye t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la, li te ba yo fòs pou yo te goumen tankou towo mawon.
23 Pa gen wanga ki ka pran sou moun Jakòb yo. Pa gen maji ki ka fè moun Izrayèl yo anyen. Lè lè a va rive, y'a di moun Jakòb yo ak moun Izrayèl yo: Gade sa Seyè a fè pou nou!
24 Gade! Pèp Izrayèl la kanpe tankou yon manman lyon. Yo leve kanpe tankou yon mal lyon. Yo p'ap chita toutotan yo pa fin devore moun ki tonbe anba men yo, toutotan yo pa fin bwè san moun yo touye yo.
25 Lè sa a, Balak di Balaram konsa: -Menm jan ou pa vle ba yo madichon an, ou pa t' dwe asepte ba yo benediksyon non plis.
26 Men, Balaram reponn Balak, li di l': -Mwen te tou pale ou wi. Mwen te di ou: Tou sa Seyè a va di m' fè, se sa m'ap fè.
27 Balak di Balaram konsa: -Ann al non! Mwen pral mennen ou yon lòt kote. Ou pa janm konnen, antan ou la a, Bondye ka kite ou bay pèp la madichon pou mwen.
28 Balak mennen Balaram sou tèt mòn Peyò a. Antan yo la, yo dekouvri tout dezè a nan pye yo.
29 Balaram di Balak konsa: -Bati sèt lotèl pou mwen isit la. Lèfini, fè m' jwenn sèt jenn ti towo bèf ak sèt belye mouton.
30 Balak fè tou sa Balaram te di l' fè a, epi li touye yon ti towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou Bondye.
24 ¶ Lè sa a, Balaram te fin konprann se yon sèl bagay Seyè a te vle, se beni pou li beni pèp Izrayèl la. Se poutèt sa, li pa fè tankou lòt fwa yo. Li pa al chache konnen sa Seyè a te vle fè l' konnen an. Men, li bay fas li sou dezè a.
2 Li leve je l', epi li wè moun pèp Izrayèl yo ak tant yo byen ranje, chak branch fanmi apa. Lespri Bondye desann sou li.
3 Epi li pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di: Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,
4 pawòl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'.
5 Ala bèl tant nou yo bèl, moun Jakòb yo! Ala bèl kote nou rete a bèl, moun Izrayèl yo!
6 Yo laji kò yo tankou dlo larivyè k'ap desann. Yo tankou jaden k'ap pouse sou bò larivyè, tankou yon pye lalwa Bondye li menm ta plante, tankou yon pye sèd k'ap grandi bò kannal dlo.
7 Lame pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble. Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp. Wa li yo ap pi fò pase wa Agag, Y'ap gouvènen sou anpil nasyon.
8 Bondye te mennen yo soti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo.
9 Pèp Izrayèl la chita atè a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la!
10 ¶ Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l' atè, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa.
11 Koulye a, pito ou kouri al lakay ou, tande. Mwen te pwomèt pou m' te fè anpil bèl bagay pou ou. Men, gade sa Seyè a fè ou: ou pèdi tout.
12 Balaram reponn, li di l' konsa: -Mwen te tou pale moun ou te voye chache m' yo. Mwen te di yo:
13 Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen poutèt pa m' ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, ni an byen ni an mal. Sa Seyè a di m' di, se sa ase m'ap di.
14 Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo.
15 ¶ Epi Balaram pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di. Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,
16 moun ki ka tande sa Bondye ap di a, moun ki gen konesans ki soti nan men Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'.
17 Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.
18 Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l' yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè.
19 Yon gwo chèf pral soti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la.
20 Apre sa, Balaam wè moun Amalèk yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt.
21 Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz.
22 Men, wè pa wè, moun Kayen yo la pou yo fini mal. Peyi Lasiri va depòte yo.
23 Balaram pran pale ankò. Li bay mesaj sa a, li di ankò: -Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa?
24 Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.
25 Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l' lakay li. Epi Balak al fè wout li.
25 ¶ Pèp Izrayèl la vin moute tant yo nan Fon Zakasya yo. Lè sa a, mesye yo konmanse lage kò yo nan vagabondaj ak fanm peyi Moab yo.
2 Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo.
3 Se konsa pèp Izrayèl la pran sèvi Baal-Peyò. Sa te fè Seyè a ankòlè anpil sou moun pèp Izrayèl yo.
4 Seyè a di Moyiz konsa: -Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.
5 Moyiz di chèf ki te reskonsab pèp la: -Se pou nou chak nou touye tout gason nan moun nou yo ki te al sèvi Baal-Peyò.
6 ¶ Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la.
7 Lè Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, wè sa, li leve, li kite moun yo kote yo te reyini an, li pase men l', li pran yon frenn.
8 Li swiv nonm lan ak fanm lan anba tant lan, epi li pèse tou de, ni nonm lan ni fanm lan, ak frenn lan anba ti vant yo. Lamenm, epidemi ki t'ap ravaje pèp la sispann.
9 Te gen vennkatmil (24.000) moun ki te gen tan mouri nan epidemi an.
10 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
11 -Se Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit gason Arawon prèt la, ki te fè m' sispann ankòlè sou pèp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa t' ka sipòte wè yon moun nan pèp Izrayèl la kite m' pou l' al sèvi yon lòt bondye. Se poutèt sa, atout mwen t'ap fè jalouzi a, mwen pa fin touye tout pèp la nèt.
12 Men sa pou ou di Fineas pou mwen: m'ap siyen yon kontra avè l' ki pou ba li kè poze.
13 M'ap mete li, li menm ak tout ras fanmi l' apre li, pou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Paske li te fè m' wè jan li pa t' tolere moun sèvi lòt bondye pase mwen. Se konsa li fè m' padonnen sa pèp la te fè ki mal la.
14 Nonm pèp Izrayèl ki te mouri ansanm ak fanm peyi Madyan an te rele Zimri. Se te pitit gason Salou, chèf nan branch fanmi Simeyon an.
15 Fanm peyi Madyan yo te touye a te rele Kozbi. Se te pitit fi Sou, ki li menm te chèf yon branch nan fanmi moun Madyan yo.
16 ¶ Lè sa a, Seyè a pale ak Moyiz, li di l':
17 -Al atake moun Madyan yo. Bat yo byen bay.
18 Paske se yo menm ki te atake nou anvan ak malefis yo te voye sou nou nan zafè Peyò a, ak nan zafè Kozbi a, pitit fi chèf peyi Madyan an, moun menm ras ak yo a, fanm yo te touye lè epidemi te tonbe sou nou nan peyi Peyò a.
26 ¶ Apre epidemi an, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, li di yo konsa:
2 -Nou pral fè resansman tout moun pèp Izrayèl la, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, chak fanmi apa, dapre zansèt yo. W'a pran non tout gason nan pèp Izrayèl la ki bon pou fè lagè.
3 Se konsa, antan pèp la nan plenn peyi Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ba yo lòd
4 pou tout gason ki gen ventan osinon ki pi gran vin bay non yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. Men moun pèp Izrayèl la ki te soti kite peyi Lejip:
5 ¶ Nan branch fanmi Woubenn, premye pitit gason Izrayèl la, te gen fanmi moun Enòk yo, fanmi moun Palou yo,
6 fanmi moun Ezwon yo ak fanmi moun Kami yo.
7 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Woubenn lan. Lè resansman an, yo te jwenn karanntwamil sètsantrant (43.730) gason nan branch fanmi sa a.
8 Palou te papa Eliyab.
9 Eliyab te papa Nemwèl, Datan ak Abiram. Se Datan ak Abiram sa yo, de nèg moun yo te konsidere anpil, ki te revòlte kont Moyiz ak Arawon. Yo te fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a.
10 Lè sa a, tè a te louvri, li vale yo, epi yo mouri ansanm ak Kore ak tout bann moun li yo. Jou sa a, dife te boule desansenkant (250) moun. Se te yon avètisman pou pèp la.
11 Men, pitit gason Kore yo pa t' mouri lè sa a.
12 Men pitit gason Simeyon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Nemwèl yo, fanmi moun Yamen yo, fanmi moun Yakim yo,
13 fanmi moun Zera yo ak fanmi moun Sayil yo.
14 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Simeyon an. Lè resansman an, te gen venndemil desan (22.200) gason nan branch fanmi sa a.
15 Men pitit gason Gad yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Sefon yo, fanmi moun Agi yo, fanmi moun Chouni yo,
16 fanmi moun Ozni yo, fanmi moun Eri yo,
17 fanmi moun Awòd yo, fanmi moun Areli yo.
18 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Gad la. Lè resansman an, te gen karantmil senksan (40.500) gason nan branch fanmi sa a.
19 Men pitit gason Jida yo. Te gen Er ak Onan, men yo tou de mouri nan peyi Kanaran san kite pitit.
20 Apre yo, te gen Chela, Perèz ak Zirak, ki bay yo chak yon kòt fanmi.
21 Perèz te gen de pitit gason. Yo chak bay yon fanmi apa. Se te fanmi Eswon an ak fanmi Amoul lan.
22 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Jida a. Lè resansman an, te gen swasannsèzmil senksan (76.500) gason nan branch fanmi sa a.
23 Men pitit gason Isaka yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Tola yo, fanmi moun Pouva yo,
24 fanmi moun Yachoub yo, fanmi moun Chimwon yo.
25 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Isaka a. Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil twasan (64.300) gason nan branch fanmi sa a.
26 Men pitit gason Zabilon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Serèd yo, fanmi moun Elon yo, fanmi moun Yaleyèl yo.
27 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Zabilon an. Lè resansman an, yo te jwenn swasantmil senksan (60.500) gason nan branch fanmi sa a.
28 Jozèf te gen de pitit gason: Manase ak Efrayim.
29 Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo.
30 Galarad te fè sis pitit gason, yo chak bay yon branch fanmi. Te gen fanmi moun Yezè yo, fanmi moun Elèk yo,
31 fanmi moun Asriyèl yo, fanmi moun Sichèm yo,
32 fanmi moun Chemida yo, fanmi moun Efè yo.
33 Men Zelofeyad, pitit gason Efè a, pa t' gen pitit gason. Se annik pitit fi li te genyen. Men non yo: Se te Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tisa.
34 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Manase a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanndemil sètsan (52.700) gason nan branch fanmi sa a.
35 Men pitit gason Efrayim yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Choutela yo, fanmi moun Bekè yo, fanmi moun Tayan yo.
36 Choutela poutèt pa l' te gen yon pitit gason. Se te Eran ki bay yon fanmi apa.
37 Se tout moun sa yo ki te nan branch Efrayim lan. Lè resansman an, yo te jwenn tranndemil senksan (32.500) gason nan branch fanmi sa a.
38 Men pitit gason Benjamen yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Bela yo, fanmi moun Achbèl yo, fanmi moun Ayiram yo,
39 fanmi moun Choufan yo ak fanmi moun Oufam yo.
40 Bela pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan branch fanmi an ankò. Se te Ad ak Naaman.
41 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Benjamen an. Lè resansman an, yo te jwenn karannsenkmil sisan (45.600) gason nan branch fanmi sa a.
42 Men pitit gason Dann lan ak tout kòt fanmi l'. Se te fanmi moun Chwanm yo. Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Dann lan.
43 Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil katsan (64.400) gason nan branch fanmi sa a.
44 Men pitit gason Asè yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Imna yo, fanmi moun Ichvi yo ak fanmi moun Berya yo.
45 Berya pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan fanmi an ankò: Se te Ebè ak Malkiyèl.
46 Asè te gen yon pitit fi yo te rele Sera.
47 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Asè a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanntwamil katsan (53.400) gason nan branch fanmi sa a.
48 Men pitit gason Neftali yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Yazeyèl yo, fanmi moun Gouni yo,
49 fanmi moun Yesè yo ak fanmi moun Chilèm yo.
50 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Neftali a, fanmi pa fanmi. Lè resansman an, yo te konte karannsenkmil katsan (45.400) gason nan fanmi sa yo.
51 Konsa, te gen antou sisan enmil sètsantrant (601.730) gason nan tout pèp Izrayèl la.
52 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
53 -Nou pral separe peyi a bay chak fanmi pòsyon pa yo dapre kantite gason yo jwenn nan chak.
54 Fanmi ki gen anpil gason va resevwa yon pi gwo pòsyon. Fanmi ki pa gen anpil gason va resevwa yon pi piti pòsyon. Chak fanmi va resevwa yon pòsyon dapre kantite gason ki gen ladan l'.
55 Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l' dapre kantite moun yo te konte nan chak.
56 Y'a tire osò pou yo separe bay chak branch fanmi pòsyon pa yo: yon gwo pòsyon pou chak branch fanmi ki anpil, yon ti pòsyon pou chak branch fanmi ki pa anpil.
57 ¶ Men, nan branch fanmi Levi a, men moun yo te konte dapre fanmi yo. Te gen fanmi Gèchon an, fanmi Keyat la ak fanmi Merari a.
58 Men lòt fanmi Levi yo: moun Libni yo, moun Ebwon yo, moun Makli yo, moun Mouchi yo ak moun Kore yo. Keyat te papa Amram.
59 Madan Amram te rele Yokebèd. Se te yon pitit fi Levi. Li te fèt nan peyi Lejip. Li te fè twa pitit pou Amram: Arawon, Moyiz ak Miryam, sè yo.
60 Arawon te papa kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.
61 Nadab ak Abiyou te mouri lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' dwe ofri.
62 Lè resansman an, yo te jwenn nan branch fanmi sa a venntwamil (23.000) gason ki te gen yon mwa depi yo te fèt osinon ki te pi gran. Yo pa t' konte yo ansanm ak rès pèp Izrayèl la, paske yo pa t'ap resevwa okenn pòsyon nan tè ki pou pèp la.
63 ¶ Men tout moun Moyiz ak Eleaza te konte lè yo t'ap fè resansman moun pèp Izrayèl la nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
64 Pami yo pa t' gen yonn menm nan sa Moyiz ak Arawon te konte lè yo t'ap fè premye resansman pèp Izrayèl la nan dezè Sinayi a.
65 Paske Seyè a te di yo tout gen pou mouri nan dezè a. Yo tout te mouri vre, esepte Kaleb, pitit gason Jefoune a ak Jozye, pitit gason Noun lan.
27 ¶ Lè sa a, te gen nan branch fanmi Manase a senk fi, Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. Yo tout te pitit fi Zelochad. Zelochad sa a te pitit gason Efè. Efè te pitit gason Galarad, ki te pitit gason Maki, ki li menm te pitit gason Manase, ki te pitit gason Jozèf.
2 Medam yo vini, yo kanpe devan Moyiz ak Eleaza, prèt la, devan chèf fanmi yo ak devan tout pèp la, devan pòt Tant Randevou a, epi yo di:
3 -Papa nou mouri nan dezè a san li pa kite okenn pitit gason. Li pa t' fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a. Se poutèt pwòp peche pa l' yo kifè li mouri san li pa t' gen tan gen pitit gason.
4 Se pa paske papa nou pa t' gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou.
5 Moyiz al pale koze a avèk Seyè a.
6 Seyè a di l' konsa;
7 -Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a.
8 Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay pitit fi li yo.
9 Si li pa gen pitit fi, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay frè l' yo.
10 Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l' yo.
11 Si papa l' pa t' gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l' la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz lòd la.
12 ¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn Abarim. Voye je ou gade peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo.
13 Lè w'a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la.
14 paske nou tou de nou pa t' fè sa m' te di nou fè a nan dezè Zin lan. Lè pèp la t'ap chache m' kont bò sous dlo Meriba yo, nou te refize kite m' fè yo wè pouvwa mwen nan zafè dlo a. (Meriba se sous dlo bò Kadès nan dezè Zin lan.)
15 ¶ Lè sa a, Moyiz pale ak Seyè a, li di l' konsa:
16 -O Seyè, Bondye ki bay tout moun lavi, tanpri, chwazi yon nonm ki ka mennen pèp la,
17 yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Seyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò pou okipe yo.
18 Seyè a reponn Moyiz: -Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k'ap travay nan kè l'. W'a mete men ou sou tèt li,
19 epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li.
20 W'a separe avè l' pouvwa otorite ou genyen an, pou tout moun nan pèp Izrayèl la ka obeyi l'.
21 L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre soti yo.
22 Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a. Li pran Jozye, li fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak tout pèp la.
23 Li mete men l' sou tèt li, epi li ba li lòd li yo, jan Seyè a te di l' la.
28 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
2 -Men lòd w'a bay moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou chonje dat pou yo fè ofrann yo, dat pou yo vin pote ofrann y'ap boule nèt pou mwen nan dife, ofrann k'ap fè m' plezi ak bon sant yo.
3 W'a di yo pou mwen: Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a. Chak jou, san sote yonn, n'a ofri de ti mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn enfimite. N'a boule yo nèt nan dife pou mwen.
4 N'a ofri premye ti mouton an nan maten, n'a ofri lòt la nan aswè.
5 Ansanm avèk chak ti mouton, n'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak de boutèy ka plen pi bon kalite lwil oliv ou ka jwenn.
6 (Sa se ofrann pou yo boule nèt chak jou nan dife, ofrann yo te konn fè nan tan lontan sou mòn Sinayi a, tankou yon manje yo boule pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.)
7 Avèk chak ti mouton, n'a ofri de boutèy ka bwason, n'a vide l' sou lotèl la pou Seyè a.
8 Nan aswè, n'a boule dezyèm ti mouton an menm jan nou te fè l' nan maten an. N'a fè ofrann farin frans lan tou ansanm ak bwason an. Se va yon manje n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
9 ¶ Pou jou repo a, n'a ofri de ti belye mouton ki gen ennan, ki san okenn enfimite, kat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv tankou ofrann grenn jaden ak yon ofrann bwason.
10 Chak jou repo, se pou nou fè ofrann sa yo an menm tan ak ofrann pou chak jou yo ansanm ak ofrann bwason yo.
11 Nan konmansman chak mwa, n'a fè yon ofrann boule pou Seyè a. Lè sa a, n'a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite.
12 N'a fè yon ofrann grenn manje tou ansanm ak chak bèt. Pou chak towo bèf, n'a ofri vennkat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv. Pou chak belye mouton, n'a ofri katòz ti mamit farin frans tankou yon ofrann grenn manje.
13 Pou chak ti mouton, n'a ofri sèt ti mamit farin frans. Se va yon ofrann n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
14 N'a fè ofrann bwason tou: kat boutèy ka pou chak towo bèf, twa boutèy ka pou belye mouton an ak de boutèy ka pou chak ti mouton. Se ofrann sa yo n'a boule nèt pou Seyè a, nan konmansman chak mwa, pandan tout lanne a.
15 Anplis ofrann pou chak jou yo, w'a touye yon bouk pou mande padon pou peche, epi w'a ofri tou ofrann bwason ki toujou mache ansanm avè l' la.
16 ¶ Katòzyèm jou nan premye mwa a, n'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a.
17 Kenzyèm jou menm mwa a va yon gwo jou fèt. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven.
18 Sou premye jou a, n'a reyini tout moun pou vin adore Seyè a. Lè sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay.
19 N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt pou Seyè a: de jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
20 N'a fè ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an,
21 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton.
22 N'a ofri tou yon bouk pou yo touye pou mande padon pou peche. Se konsa, n'a fè ofrann bèt pou nou touye pou mande Bondye gras pou pèp la.
23 N'a fè tout ofrann sa yo anplis ofrann bèt nou gen pou nou boule chak maten san sote jou a.
24 Se va menm jan an tou pou tout sèt jou yo. Chak jou n'a ofri manje pou yo boule nèt pou Seyè a: se va tankou yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. N'a fè ofrann sa a anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou pou Seyè a ak ofrann bwason ki mache avè l' la.
25 Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' fè sèvis pou Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè okenn gwo travay non plis.
26 Konsa tou, premye jou fèt premye rekòt la, lè n'ap pote ofrann grenn nou fèk rekòlte yo bay Seyè a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay.
27 Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: de jenn towo, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
28 N'a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an
29 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.
30 N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la.
31 N'a ofri bèt sa yo ansanm ak ofrann bwason ki mache avèk yo chak, anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo. Se pou tout bèt yo san okenn enfimite.
29 ¶ Premye jou setyèm mwa a, n'a sanble tout moun pou yo vin fè sèvis pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. Se jou sa a tou, y'a kònen twonpèt yo pou fè konnen jou a rive.
2 Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, men ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: yon jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
3 N'a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit farin frans pou towo a, katòz ti mamit pou belye mouton an,
4 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.
5 N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la.
6 N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann bèt pou yo boule nan dife chak premye jou nan mwa yo ansanm ak ofrann grenn jaden ki toujou mache avèk yo a, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki toujou mache avè l' la. Se ofrann manje sa yo n'a boule nèt pou Seyè a. Se va ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant yo.
7 Dizyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, tout moun va rete san manje. Pesonn p'ap gen dwa fè okenn travay.
8 N'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye. Se va yon ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li. Men bèt n'a ofri: yon towo bèf, yon belye mouton, sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
9 N'a fè ofrann grenn jaden ki pou mache ak chak bèt sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit farin pou towo bèf la, katòz ti mamit pou belye mouton an
10 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.
11 N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche anplis ofrann bèt pou touye pou gran jou padon an, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann bwason ki mache ak yo a.
12 ¶ Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Seyè a pandan sèt jou.
13 Premye jou a, n'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: Men bèt pou nou ofri: trèz towo bèf, de belye mouton, katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
14 Men ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv ki pou mache ak bèt yo: venteyen ti mamit farin frans pou chak towo, katòz ti mamit pou chak belye,
15 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton, ansanm ak ofrann bwason ki pou mache ak yo chak.
16 N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche. N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann pou nou boule nèt chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki pou mache avè l' yo.
17 Dezyèm jou fèt la, n'a ofri douz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
18 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.
19 Epi, anplis ofrann bèt nou fè pou yo boule nèt pou Seyè a chak jou ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
20 Twazyèm jou fèt la, n'a ofri onz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
21 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.
22 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
23 Katriyèm jou fèt la, n'a ofri dis towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
24 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.
25 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
26 Senkyèm jou fèt la, n'a ofri nèf towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
27 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.
28 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
29 Sizyèm jou fèt la, n'a ofri wit towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
30 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.
31 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
32 Setyèm jou fèt la, n'a ofri sèt towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
33 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.
34 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.
35 Wityèm jou fèt la, n'a sanble tout moun pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap fè okenn gwo travay.
36 N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li. Men bèt pou nou ofri: yon towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
37 Ansanm ak chak bèt n'a ofri ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an,
38 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo.
39 Men tou sa nou va ofri bay Seyè a lè n'ap fè gwo fèt nou dwe fè pou li yo, apa ofrann n'ap fè paske nou te pran angajman pou nou te fè yo, ou ankò ofrann n'ap fè paske nou rete konsa nou vle fè l', mete sou bèt n'ap ofri pou boule nèt nan dife pou Bondye, sou ofrann grenn jaden ak ofrann bwason yo, ak sou ofrann nou fè pou di Bondye mèsi.
40 Se konsa Moyiz te di pèp Izrayèl la tou sa Seyè a te ba li lòd di yo.
30 ¶ Moyiz pale ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo. Li di yo konsa: -Men lòd Seyè a bay.
2 Lè yon moun fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l' pa kenbe pawòl. Se pou l' fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a.
3 ¶ Si yon jenn fi ki lakay papa l' toujou fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò li pwomèt pou l' pa fè yon bagay,
4 lè papa a vin konn sa, si li pa di l' anyen, jenn fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an, osinon pwomès li te fè a.
5 Men, si lè papa a vin konn sa, li fè opozisyon, ni ve jenn fi a te pran yo ni pwomès li te fè yo pa kenbe ankò: yo pa vo anyen. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen, paske se pa fòt li. Se papa l' ki derefize kite l' kenbe pawòl li.
6 Si yon jenn fi te anba obligasyon pou l' te kenbe yon ve li te pran osinon yon pwomès li te fè, menm si li te pran yo an jwèt, si li rive marye,
7 epi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a.
8 Men, si jou mari a vin konn sa li fè opozisyon, lamenm li wete fanm lan anba obligasyon li te genyen pou l' te kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen.
9 Men lè yon fanm ki vèv osinon ki divòse fè yon ve pou l' bay Seyè a kichòy, osinon li pwomèt pou l' pa fè yon bagay, se pou l' kenbe pawòl li.
10 Si yon madanm marye, antan li lakay mari l', pran yon ve pou fè kichòy osinon pwomèt pou l' pa fè yon bagay,
11 epi si lè mari l' vin konn sa, li pa di l' anyen, li pa fè okenn opozisyon, fanm lan gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a, nenpòt kisa yo te ye.
12 Men, si mari a vin konn sa, epi menm jou li vin konn sa a, li di li pa dakò, fanm lan p'ap nan obligasyon pou l' kenbe pawòl ni pou ve li te pran an, ni pou pwomès li te fè a. Se mari a ki te derefize kite l' kenbe pawòl li. Konsa, Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen.
13 Yon mari gen dwa dakò, konsa tou li gen dwa refize dakò kite madanm li kenbe pawòl li, ni pou ve madanm li te pran an, ni pou pwomès li te fè a.
14 Men, si apre mari a vin konn sa li kite yon jou pase, li pa di l' anyen ankò, sa vle di li dakò ak ve madanm li te pran an osinon ak pwomès madanm lan te fè a. Depi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, sa vle di se dakò li dakò.
15 Men si, apre mari a vin konn angajman madanm lan te pran an, mari a kite kèk jou pase anvan li di li pa dakò, se li menm k'ap sibi chatiman ki pou ta tonbe sou madanm lan pou pawòl li pa kenbe a.
16 Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou yon fanm ki fè ve osinon ki pran yon angajman. Si li marye, men tout jan mari a ka boule avè l' nan ka sa a. Si li poko marye, li lakay papa l' toujou, men tout jan papa a ka pran sa.
31 ¶ Seyè a pale ak Mwiz, li di l' konsa:
2 -Ou pral pini moun Madyan yo pou sa yo fè moun pèp Izrayèl yo pase. Apre sa, ou pral mouri pou ou al jwenn moun pa ou yo ki mouri deja.
3 Se konsa, Moyiz pale ak pèp la, li di yo konsa: -Pare kèk gason nan mitan nou pou y' al goumen, pou yo mache pran moun Madyan yo, fè yo peye sa yo fè Seyè a.
4 N'a pran mil gason nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la pou n' voye al goumen.
5 Se konsa nan tout kantite gason ki nan pèp Izrayèl la, yo pran mil gason nan chak branch fanmi. Sa te bay douzmil (12.000) gason antou ki te pare pou al goumen.
6 Moyiz voye douzmil gason sa yo al fè lagè. Li voye ak yo Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, ki t'ap pote veso Bondye yo ak twonpèt pou bay siyal yo.
7 ¶ Yo atake moun Madyan yo jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo touye tout gason yo.
8 Yo touye senk wa moun Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our ak Reba. Yo touye Balaram, pitit Beyò a, tou.
9 Moun Izrayèl yo fè tout fanm ak tout timoun Madyan yo prizonye. Yo pase men yo pran tout bèf yo, tout mouton yo, tout kabrit yo ak tout lòt byen yo.
10 Yo boule tout kay nan lavil yo ak tout kan kote moun yo te rete.
11 Apre sa, yo pran tou sa yo te ranmase, tout bèt ak tout moun yo te fè prizonye yo,
12 yo mennen yo bay Moyiz ansanm ak Eleaza, prèt la, ak tout moun pèp Izrayèl yo ki te nan kan an, nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
13 ¶ Moyiz, Eleaza, prèt la ak tout chèf pèp Izrayèl yo soti nan kan an al kontre lame a.
14 Moyiz move sou chèf reskonsab lame yo, sou chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo ki t'ap tounen soti nan lagè a.
15 Li di yo konsa: -Poukisa nou pa touye tout medam sa yo?
16 Se yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la.
17 Se pou nou touye tout pitit gason yo. Se pou nou touye tout fanm ki kouche ak gason deja.
18 Men, n'a sove lavi tout jenn fi ki poko janm kouche ak gason. N'a pran yo pou nou.
19 Men, nou menm ki touye moun osinon ki manyen kadav moun mouri, nou pral rete sèt jou andeyò limit kan an. Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a n'a fè sèvis pou mete nou nan kondisyon, nou menm ak tout prizonye nou yo, pou nou ka fè sèvis Bondye.
20 N'a fè sèvis pou mete tout rad ak tout bagay ki fèt ak po bèt, bagay ki fèt ak pwal kabrit, bagay ki fèt an bwa, nan kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi ak yo.
21 Eleaza, prèt la, pale ak mesye ki te tounen soti nan lagè yo. Li di yo konsa: -Men yon regleman nou jwenn nan lòd Seyè a te bay Moyiz.
22 Tout moso lò, tout moso ajan, tout bout fè, tout moso kwiv, tout moso plon,
23 tou sa ki pa ka boule nan dife, n'a pase yo nan dife pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Men tou sa ki ka boule nan dife, se nan dlo yo mete apa pou sa a n'a pase yo pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye.
24 Sou setyèm jou a, n'a lave rad ki sou nou yo. Konsa n'a nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye. Se lè sa a n'a ka antre nan kan an.
25 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
26 -Ou menm, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl yo, n'a konte tou sa lame a te ranmase nan lagè a, san bliye bèt yo ak prizonye yo.
27 Apre sa, n'a separe tout bagay mwatye pou mwatye, mwatye pou moun ki te al goumen yo, mwatye pou rès moun pèp Izrayèl yo.
28 Nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, n'a wete yon pòsyon ki va tankou yon taks y'a peye pou Seyè a: sou chak senksan (500) moun, sou chak senksan bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit, w'a wete yonn pou Seyè a.
29 Sa w'a wete nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, w'a bay Eleaza, prèt la, tankou yon bagay yo pran pou Seyè a.
30 Sou lòt mwatye ki rete pou rès moun pèp Izrayèl la, w'a pran yonn sou chak senkant moun, sou chak senkant bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit. Epi w'a bay moun Levi yo ki reskonsab Tant Randevou Seyè a.
31 Moyiz ak Eleaza, prèt la, te fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
32 San konte sa sòlda yo te pran pou yo menm, men sa yo te pran nan men lènmi yo epi yo te pote bay Moyiz: sisanswasannkenzmil (675.000) mouton ak kabrit,33 swasanndouzmil (72.000) bèf,34 swasanteyenmil (61.000) bourik,35 tranndemil (32.000) jenn fi ki poko janm kouche ak gason.
36 Yo pran mwatye ladan yo bay sòlda ki te al goumen yo. Epi yo wete sa ki pou Seyè a ladan l'. Sa te fè twasantrannsètmil senksan (337.500) mouton ak kabrit,37 ak sisanswasannkenz (675) ladan yo pou Seyè a,38 trannsimil (36.000) bèf ak swasanndouz ladan yo pou Seyè a,39 trantmil senksan (30.500) bourik ak swasanteyen ladan yo pou Seyè a,
40 sèzmil (16.000) jenn fi ak trannde ladan yo pou Seyè a.
41 Se konsa, Moyiz renmèt bay Eleaza, prèt la, tou sa yo te wete pou Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
42 Lòt mwatye a te pou rès pèp Izrayèl la. Lè Moyiz fin wete sa ki te pou sòlda yo,
43 men sa ki te rete: twasantrannsètmil senksan (337.500) mouton ak kabrit,
44 trannsimil (36.000) bèf,
45 trantmil senksan (30.500) bourik ak
46 sèzmil (16.000) jenn fi.
47 Sou mwatye ki te pou rès moun pèp Izrayèl la, Moyiz pran yon moun sou chak senkant moun ak yon bèt sou chak senkant bèt menm kalite, li bay moun Levi yo ki te reskonsab tant Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
48 ¶ Lè sa a, tout moun ki te chèf lame a, chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo, yo tout vin jwenn Moyiz.
49 Epi yo di l': -Nou konte kantite sòlda ki te sou kont nou yo, nou jwenn yo tout la.
50 Se poutèt sa, n'ap pote tout bijou lò nou te jwenn epi nou te pran: braslè, chennèt, bag, zanno, chenn ak meday, n'ap ofri yo bay Seyè a pou li ka fè nou gras.
51 Moyiz ak Eleaza, prèt la, resevwa tout bijou lò yo te pote yo.
52 Sa te fè katsan (400) liv konsa chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo te pote bay Moyiz ak Eleaza ki te resevwa yo pou Seyè a.
53 Men, sòlda yo menm te kenbe sa yo te pran pou tèt pa yo.
54 Se konsa Moyiz ak Eleaza, prèt la, pran lò chèf divizyon mil ak chèf konpayi san yo te pote ba yo a, yo pote l' nan Tant Randevou a, pou Seyè a te ka toujou chonje pwoteje pèp Izrayèl la.
32 ¶ Moun branch fanmi Woubenn ak moun branch fanmi Gad yo te gen anpil anpil bèt. Lè yo wè jan peyi Jazè a ak peyi Galarad la te bon pou fè gadinaj,
2 yo vin jwenn Moyiz, Eleaza, prèt la, ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa:
3 -Tout rejyon kote nou jwenn lavil sa yo: Atawo, Dibon, Jazè, Nimra, Esbon, Eleyale, Sèbam, Nebo ak Biyon,
4 tout peyi Seyè a te ede moun pèp Izrayèl yo pran pou yo bò isit la, se tè ki bon pou fè gadinaj, lèfini nou menm nou gen anpil bèt.
5 Tanpri, si ou vle fè nou favè sa a, ban nou peyi sa a pou pòsyon pa nou. Pa fòse nou janbe lòt bò larivyè Jouden an.
6 Moyiz reponn yo: -Nou ta renmen rete isit la pandan lòt frè nou yo pral nan goumen?
7 Poukisa nou vle dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa ale nan peyi Seyè a ba yo a?
8 Se menm bagay la zansèt nou yo te fè wi lè mwen te voye yo ale vizite peyi a antan nou te Kadès Banea.
9 Yo moute jouk nan ravin Echkòl la, yo vizite tout peyi a. Apre sa, yo dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa antre nan peyi Seyè a te ba yo a.
10 Jou sa a, Seyè a te move anpil sou yo. Li sèmante, li di konsa:
11 Okenn nan gason ki te gen ventan osinon ki te pi gran lè yo te soti kite peyi Lejip p'ap mete pwent pye yo nan peyi mwen te pwomèt sou sèman m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, paske yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen,
12 an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune, moun fanmi Kenaz yo, ak Jozye, pitit gason Noun lan. Se yo menm sèlman ki te toujou swiv Seyè a san mank.
13 Se konsa, Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Seyè a mouri.
14 Epi koulye a, nou vle fè tankou papa nou yo? Ou byen wè se pitit yo nou ye vre! Nou pral fè Seyè a pi move ankò sou pèp Izrayèl la.
15 Si nou vire do nou ba li, l'a fè pèp la rete pi lontan ankò nan dezè a. Se nou menm ki va lakòz pèp la fini nèt.
16 ¶ Yo pwoche bò Moyiz, yo di l' konsa: -Pou konmanse, nou ta renmen moute kloti ak wòch pou fèmen pak bèt nou yo, epi nou ta renmen bati lavil ak ranpa pou pitit nou yo.
17 Men, nou menm gason yo, nou tou pare pou n' ale goumen ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, pou nou pran devan lè n'ap atake lènmi jouk yo rive nan peyi ki pou yo a. Pandan tan sa a, moun pa nou yo menm va rete isit la nan lavil ak ranpa yo kote moun peyi a p'ap ka fè yo anyen.
18 Nou p'ap tounen lakay nou toutotan tout lòt moun nan pèp Izrayèl la poko jwenn pòsyon tè ki pou yo a.
19 Nou p'ap pran anyen nan tè ki pou yo lòt bò larivyè Jouden an, paske yo ban nou tè ki bò isit larivyè Jouden an, sou kote solèy leve a, pou pòsyon pa nou.