Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Bible in 90 Days

An intensive Bible reading plan that walks through the entire Bible in 90 days.
Duration: 88 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Levitik 1:1-14:32

¶ Seyè a rete nan Tant Randevou a, li rele Moyiz, li di l' konsa:

-W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun vle fè Seyè a yon ofrann, si se yon bèt li vle ofri, l'a ofri yon bèf osinon yon kabrit ou ankò yon mouton l'a pran nan bèt li yo.

¶ Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avè l' jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l'.

L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a pou Bondye ka asepte l' tankou yon ofrann l'ap fè pou mande Bondye fè li gras.

L'a touye towo a la devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va pran san an pou yo ofri l' bay Seyè a. Lèfini, y'a voye san an sou kat bò lotèl ki toupre pòt Tant Randevou a.

Apre sa, y'a kòche towo a, y'a koupe l' an moso.

Prèt yo, pitit Arawon, prèt la, va limen dife sou lotèl la, y'a mete bwa nan dife a.

Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va mete moso vyann yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la.

Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

10 ¶ Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.

11 L'a touye l' sou bò nò lotèl la, devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.

12 Lèfini, nonm lan va koupe l' an moso. Prèt yo va mete tout moso yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la.

13 Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Apre sa, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa l'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

14 Si se zwazo nonm lan ap ofri pou yo boule pou Seyè a, se va toutrèl osinon pijon.

15 Prèt la va pran zwazo a, l'a pote l' bò lotèl la, l'a peze bèk li, l'a tòde kou l' pou l' touye l'. Y'a boule tèt la sou lotèl la, y'a fè san li koule sou kat bò lotèl la.

16 L'a rache fal zwazo a ak tout plim li sou li. L'a jete l' bò lotèl la, sou bò solèy leve, kote yo mete sann dife a.

17 Apre sa, l'a bay yon kout kouto nan mitan de zèl yo, l'a kenbe zèl yo, l'a louvri kò zwazo a ande san li pa detache zèl yo. Lèfini, prèt la va boule l' nèt sou dife ki sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt yo boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

¶ Lè yon moun vle fè yon ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyè a, se pou l' fè farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l'a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l'a mete lansan sou li tou.

Lèfini, l'a pote l' bay prèt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prèt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' nèt sou lotèl la, pou Seyè a pa janm bliye nonm ki fè ofrann lan. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a li soti.

Lè w'ap ofri yon pen kwit nan fou, se pou ou fè l' ak farin lan san ou pa mete ledven ladan l'. Se ka gwo pen pwès fèt ak farin bat ak lwil oliv, ou ankò ti biswit plat wouze ak lwil oliv.

Lè w'ap ofri yon pen kwit sou platin, w'a fè l' ak farin ble bat ak lwil oliv, men san ledven ladan l'.

W'a koupe l' an ti moso, epi w'a vide lwil sou li. Se konsa w'a ofri l' bay Seyè a.

Lè w'ap ofri yon pen kwit nan chodyè, w'a fè l' ak farin melanje ak lwil oliv.

W'a fè yon ofrann avè l' bay Seyè a. W'a pote l' bay prèt la ki va mete l' sou lotèl la.

Prèt la va pran yon moso nan ofrann lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, l'a boule l' sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

10 Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l' nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a.

11 ¶ Piga ou janm ofri bay Seyè a ofrann manje ki gen ledven ladan l'. Piga ou janm sèvi ni ak ledven, ni ak siwo myèl nan ofrann w'ap boule nan dife pou Seyè a.

12 W'a ofri ledven ak siwo myèl fè Seyè a kado tankou ofrann premye donn nan jaden nou. Men, piga ou boule yo sou lotèl la, tankou ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant yo.

13 W'a simen sèl sou tout ofrann w'ap fè, paske sèl la se pou fè ou chonje kontra Bondye te pase avè ou la. Wi, se pou nou mete sèl sou tou sa n'ap ofri.

14 Lè w'ap ofri bay Seyè a premye grenn ki bon yo, w'a ofri grenn griye nan dife ak farin ble.

15 W'a mete lwil oliv sou li ansanm ak lansan. Se konsa w'a ofri l' bay Seyè a.

16 Prèt la va pran ti gout nan ofrann manje a ak nan lwil la, l'a boule l' ansanm ak tout lansan an. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife pou Seyè a.

¶ Lè yon moun vle ofri bèt pou di Bondye mèsi, si se yon gwo bèt l'ap ofri, l'a bay yon towo bèf osinon yon vach ki pa gen ankenn enfimite.

L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' devan pòt Tant Randevou a. Prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.

Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la,

de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo tout nan dife pou Seyè a.

Pitit Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki te deja sou bwa dife a. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

¶ Si se yon ti bèt moun lan vle ofri, l'a bay yon mouton osinon yon kabrit, bouk ou fenmèl, men ki pa gen ankenn enfimite.

Si se yon ti mouton l'ap ofri bay Seyè a, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a,

l'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' la devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.

Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,

10 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a.

11 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Seyè a.

12 Si se yon kabrit li vle ofri, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a.

13 L'a mete men l' sou tèt li, l'a touye l' la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.

14 L'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la,

15 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a.

16 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Seyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

17 Piga nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.

¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l' pa t' dwe fè, men sa pou yo fè l':

Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.

L'a mennen towo a devan pòt Tant Randevou a, l'a mete men l' sou tèt towo a, epi l'a touye l' la devan Seyè a.

Apre sa, granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l' anba Tant Randevou a,

l'a tranpe dwèt li nan san an, epi l'a voye san an sèt fwa devan rido kote ki apa pou Seyè a.

Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl lansan an ki anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.

Apre sa, l'a wete tout grès ki nan towo yo te ofri pou peche a. Y'a wete tout grès ki vlope tripay la,

de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a.

10 L'a wete yo menm jan yo fè sa lè y'ap fè ofrann bèt pou di Bondye mèsi. Prèt la va boule tout grès la sou lotèl ki la pou boule kalite ofrann bèt sa yo.

11 Men, l'a pran po towo a ansanm ak tout vyann lan, tèt la, pye yo, tout tripay la avèk tout poupou a ladan l'.

12 Wi, l'a pran tout rès towo a, l'a fè yo pote l' andeyò limit kote yo rete a. Lè y'a rive kote ki rezève pou jete sann lotèl yo, y'a fè yon dife bwa, y'a boule rès towo a sou li. Wi, kote yo jete sann dife a, se la pou yo boule vyann towo a.

13 ¶ Si se tout pèp Izrayèl la ki fè peche san yo pa fè espre, si yo antò devan Bondye paske, san yo pa konnen, yo fè yon bagay Seyè a te ba yo lòd pou yo pa fè,

14 lè y'a vin wè yo te fè yon peche, y'a mennen yon jenn towo, y'a ofri l' bay Bondye pou l' ka wete peche yo a. Y'a mennen l' devan Tant Randevou a.

15 Lè y'a rive la, chèf fanmi pèp Izrayèl yo va mete men yo sou tèt towo a, epi y'a touye l' la devan lotèl Seyè a.

16 Granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l' anndan Tant Randevou a.

17 L'a tranpe dwèt li nan san an sèt fwa, l'a voye l' sèt fwa sou devan rido kote ki apa pou Seyè a.

18 Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.

19 Apre sa, l'a pran tout grès towo a, l'a boule l' sou lotèl la.

20 Menm sa li gen pou l' fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l'a fè l' pou towo sa a tou. Konsa, prèt la va fè ofrann bèt pou peche pèp la te fè san yo pa konnen an, epi Bondye va padonnen peche yo a.

21 Lèfini, l'a pran rès towo a, l'a pote l' andeyò limit kote yo rete a, l'a boule l' menm jan li gen pou l' boule towo li ta ofri pou pwòp peche li fè. Se sa yo rele ofrann bèt yo fè pou wete peche tout pèp la te fè san li pa konnen.

22 ¶ Si se yon chèf ki fè peche, ki rive antò devan Bondye li a paske, san li pa fè espre, li pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay la,

23 rive li rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon ti bouk kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a.

24 L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann bèt pou wete peche moun fè san yo pa konnen.

25 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.

26 Apre sa, l'a boule tout grès la sou lotèl la, menm jan yo fè l' pou grès bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche chèf la te fè san li pa konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.

27 ¶ Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki vle di li antò paske li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè men li fè l' san l' pa konnen,

28 rive moun sa a rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon fenmèl kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a pou peche li a.

29 L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a.

30 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.

31 Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l' sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.

32 Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen ankenn enfimite pou l' mennen.

33 L'a mete men l' sou tèt bèt li ofri pou wete peche li a, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a.

34 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la.

35 Apre sa, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou mouton yo ofri pou di Bondye mèsi a, l'a boule l' sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann y'ap boule pou Seyè a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.

¶ Men nan ki sikonstans pou yo fè ofrann bèt pou peche moun fè san yo pa konnen: Si yon moun fin fè sèman nan tribinal pou l' di sa ki pase epi li refize pale sa l' te wè ou ankò sa li vin konnen, li gen pou l' peye pou sa li fè a.

Si yon moun rive manyen, san li pa konnen, yon bagay moun k'ap sèvi Bondye pa gen dwa manyen, tankou kadav yon bèt ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, li te mèt yon bèt nan bwa, li te mèt yon bèt kay, li te mèt yon bèt k'ap trennen sou vant, lè l' rive konnen sa l' fè a, li menm tou li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, epi li antò pou sa l' fè a.

Si, san li pa konnen, li rive manyen yon nonm ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nenpòt ki jan moun lan te ka rive nan eta sa a, lè pita li vin konnen sa l' fè a, li antò pou sa l' fè a.

Si yon moun kite bouch li mennen l', epi li sèmante, li di l'ap fè yon bagay, se ka yon move bagay osinon yon bon bagay, lè l' vin rekonèt sa, se pou l' peye sa l' fè a.

Lè yon moun rive antò paske li fè yonn nan bagay sa yo, se pou l' rekonèt devan tout moun sa l' fè a mal.

Apre sa, l'a peye pou peche li fè a, l'a pran yon fenmèl nan mouton pa l' yo, osinon nan kabrit li yo, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche li te fè a. Prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche nonm lan.

¶ Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pè toutrèl osinon yon pè pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyè a, yonn pou yo touye pou peche a, lòt la pou yo boule nèt sou lotèl la.

L'a pote yo bay prèt la. Prèt la menm va ofri zwazo pou peche a anvan. L'a kase kou zwazo a, san li pa separe tèt la ak rès kò a.

L'a voye ti gout nan san an bò lotèl la. Epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la. Se va yon ofrann bèt yo touye pou wete peche a.

10 Apre sa, l'a ofri dezyèm zwazo a, l'a boule l' dapre regleman yo. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a.

11 Si moun lan pa ka bay de toutrèl osinon de pijon pou peye pou peche li fè a, l'a pote de liv bon farin. Li p'ap bezwen mete ni lwil oliv ni lansan sou li, paske se yon ofrann pou wete peche l'ap fè.

12 L'a pote l' bay prèt la, prèt la va pran yon ponyen nan farin lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan. L'a ofri l' bay Seyè a, l'a boule l' sou lotèl la tankou yon ofrann yo boule bèt pou Seyè a. Se va yon ofrann yo fè pou wete peche a.

13 Se konsa, prèt la va fè ofrann pou wete peche moun lan te fè a, Bondye va padonnen l' sa l' te fè a. Rès farin lan va rete pou prèt la, tankou lè y'ap fè ofrann manje.

14 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

15 -Si yon moun fè yon peche san li pa fè espre, si li fè sa li pa t' dwe fè, tankou lè li bliye bay sa li te dwe bay pou Seyè a, l'a fè yon ofrann pou repare bagay li te fè ki mal la. L'a pran yon belye mouton nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite. Y'a di konbe bèt la vo, dapre lajan yo sèvi nan kay Bondye a, epi l'a ofri l' bay Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou peye pou sa yon moun fè ki mal.

16 Se pou l' peye tou sa li te bliye bay Seyè a, plis vin pou san anwo li. L'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri bouk la, l'a touye l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal, epi Bondye va padonnen l' sa.

17 Si yon moun fè peche san l' pa konnen, si li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè, atout li pa t' fè espre, li antò. Se pou l' peye pou sa l' fè a.

18 L'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki pa gen ankenn enfimite, l'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. Y'a kalkile pri bèt la dapre sistèm lajan yo sèvi nan kay Bondye a. Prèt la va fè ofrann lan pou peye pou sa moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.

19 Se sa yo rele yon ofrann moun fè pou peye pou sa yo fè ki mal kont Seyè a.

¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Si yon moun fè peche, si li fè bagay Seyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l', ou ankò si li twonpe l',

ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t' jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann.

Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, epi se pou l' renmèt sa l' te vòlò a, osinon lajan li te fè sou tèt lòt la, osinon depo yo te ba l' kenbe a, ou ankò bagay pèdi li te jwenn lan,

ou ankò sa l' te sèmante li pa t' jwenn lan. Wi, se pou l' renmèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye pou sa l' te fè ki mal la.

Apre sa, l'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite, l'a mennen l' bay prèt la ki va ofri l' bay Seyè a pou li peye pou sa l' te fè ki mal la. Y'a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa.

Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Seyè a. Bondye va padonnen l' nenpòt kisa li te fè li pa t' dwe fè.

¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:

-Men lòd pou ou pase Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Men ki jan pou yo fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou ofrann lan pase tout nwit la ap boule jouk denmen maten sou lotèl la. Se pou dife sou lotèl la pa janm mouri.

10 Nan maten, prèt la va chanje rad sou li, l'a mete yon chemiz fèt ak twal fen blan, ansanm ak yon kalson ki fèt ak menm twal la, l'a wete sann ki rete apre ofrann lan fin boule nèt sou lotèl la, l'a mete l' sou kote lotèl la.

11 Apre sa, l'a chanje rad ankò, l'a mete rad òdinè l' sou li, l'a pote sann lan kote ki rezève pou sa, andeyò lòt bò limit kote moun yo rete a.

12 Fòk dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l' mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l', epi l'a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l'a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a.

13 Se pou dife a toujou ap boule sou lotèl la. Pa janm kite l' mouri.

14 ¶ Men regleman pou lè n'ap ofri grenn ki soti nan jaden nou. Yonn nan pitit Arawon yo va prezante grenn y'ap ofri a bay Seyè a devan lotèl la.

15 Apre sa, l'a pran yon ponyen farin nan ofrann grenn lan tou melanje ak lwil ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' sou lotèl la pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, ki vle di se tout yo ofri bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va fè Seyè a plezi.

16 Arawon ak pitit li yo va manje rès la. Y'a fè pen san ledven avè l', y'a manje pen an yon kote apa pou Seyè a nan lakou Tant Randevou a.

17 Se pou yo kwit pen an san ledven. Se mwenmenm menm ki ba yo pòsyon pa yo nan ofrann y'ap boule nèt pou mwen an. Se yon bagay ki apa nèt pou mwen, tankou yon ofrann yo fè pou peche yo ak ofrann yo fè pou peye pou sa yo te fè ki mal.

18 Nenpòt gason nan branch fanmi Arawon an ka manje l'. Sa se yon prensip k'ap la pou tout tan. Se va pòsyon pa yo nan ofrann grenn y'ap boule pou Seyè a. Si lòt moun manyen yon ofrann grenn yo mete apa pou Seyè a, malè va rive l' poutèt sa.

19 Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:

20 -Men ofrann Arawon ak pitit gason l' yo va fè pou Seyè a jou y'ap mete yo apa pou sèvis Bondye a. Jou sa a, y'a pote yon liv farin menm kantite ak sa yo ofri chak jou a, y'a ofri mwatye ladan l' nan maten, lòt mwatye a nan aswè.

21 Y'a melanje lwil ladan l', y'a kwit li sou griy. Apre sa, y'a kraze l' an ti moso tankou lè y'ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, y'a ofri l' bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va moute, l'a fè Seyè a plezi.

22 Se yon lòd ki la pou tout tan. Se pou pitit Arawon y'a mete apa pou ranplase Arawon an toujou fè ofrann sa a bay Seyè a. Y'a boule ofrann lan nèt, y'a ofri l' bay Seyè a.

23 Lè yon prèt ap fè yon ofrann grenn pou tèt pa l', se pou yo boule tout nèt nan dife. Yo pa fèt pou yo manje anyen ladan l'.

24 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l':

25 -Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.

26 Prèt ki va touye bèt la va manje l' kote yo mete apa pou Bondye nan lakou Tant Randevou a.

27 Nenpòt moun osinon nenpòt bagay ki va manyen osinon ki va touche vyann bèt yo mete apa pou Seyè a va tounen yon moun osinon yon bagay yo mete apa pou Bondye tou. Si san bèt la tonbe sou yon rad, w'a lave rad la yon kote ki apa pou Seyè a.

28 Se pou yo kraze tout veso an tè ki te sèvi pou bouyi vyann lan. Men, si se nan yon veso an kwiv yo te bouyi l', se pou yo grate l' byen grate epi lave l' nan gwo dlo.

29 Tout gason nan fanmi prèt yo gen dwa manje nan vyann lan, paske se yon vyann yo mete apa nèt pou Seyè a.

30 Men, si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l' anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l' tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l' nèt nan dife.

¶ Men regleman pou yo swiv lè moun ap fè ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal. Ofrann sa yo se ofrann y'a mete apa nèt pou Seyè a.

Y'a touye bèt pou ofrann sa a sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule yo. Y'a voye san an sou kat bò lotèl la.

Y'a wete tout pati sa yo: ke a, grès ki vlope tripay yo,

de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm avèk mas grès ki sou fwa a, l'a ofri yo sou lotèl la pou Seyè a.

Prèt la va boule tout pati sa yo sou lotèl la, tankou ofrann yo boule pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou repare sa yo te fè ki mal.

Tout gason nan fanmi prèt yo kapab manje ladan l'. Se pou yo manje l' kote yo mete apa pou Bondye a, paske se yon ofrann ki apa nèt pou Bondye.

Ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l' pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan.

Po bèt y'a ofri pou boule pou Bondye a va rete pou prèt ki fè ofrann lan.

Tout ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y'a rete pou prèt ki te ofri yo bay Bondye a.

10 Men, lè se yon ofrann grenn ki soti nan jaden ki fèt tou kri, kit li melanje avèk lwil, kit li chèch, se pou tout pitit Arawon yo li ye, se pou yo separe l' bay yo tout.

11 ¶ Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi:

12 Si yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, l'a ofri yon bèt pou yo touye epi ansanm avè l' l'a pote gwo pen fèt ak farin san ledven melanje ak lwil oliv, pen plat san ledven avèk lwil oliv pase sou li, epitou gato fèt ak flè farin melanje ak lwil oliv.

13 Konsa tou, l'a ofri avèk bèt pou yo touye a pen kwit ak ledven.

14 L'a pran yonn nan chak kalite pen yo, l'a ofri yo espesyalman bay Seyè a. Pen sa yo va rete pou prèt ki va pran san bèt la pou voye sou lotèl la.

15 Kanta vyann bèt la, se pou yo manje tout menm jou yo te touye l' la. Yo pa fèt pou yo kite anyen pou denmen maten.

16 Si yon moun pote yon ofrann pou di Bondye mèsi, paske li te vle kenbe yon ve li te fè, ou ankò paske li vle fè yon ofrann konsa, yo pa bezwen manje tout vyann ofrann lan menm jou a. Men yo gen dwa kite rès pou denmen.

17 Men vyann ki rete pou twazyèm jou a, se pou yo boule yo.

18 Si yo manje anyen nan ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p'ap asepte ofrann moun lan. Ofrann lan p'ap sèvi l' anyen. Se yon vyann fezande, moun ki manje l' va peye pou sa l' fè a.

19 Si yon bagay ki pa bon pou fè sèvis Bondye tonbe sou vyann lan, yo pa ka manje l' non plis. Se pou yo boule l' nan dife. Tout moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a ka manje nan vyann lan.

20 Si yon moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a manje nan vyann yo ofri bay Seyè a, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.

21 Si yon moun manje nan vyann yo ofri bay Seyè a apre li fin manyen yon bagay ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se nenpòt lòt bagay, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.

22 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:

23 -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo: Piga nou janm manje grès bèf, grès kabrit osinon grès mouton.

24 Nou pa fèt pou nou manje grès bèt ki rete konsa li mouri mò natirèl li, ni grès bèt yon bèt nan bwa touye, men nou gen dwa sèvi ak grès la pou nou fè nenpòt lòt bagay nou vle.

25 Lè yon moun manje grès yon zannimo yo te ofri pou boule pou Seyè a, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.

26 Nenpòt ki kote nou ye, piga nou janm manje san zwazo, ni san ankenn lòt bèt.

27 Si yon moun rive manje san nenpòt ki bèt, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.

28 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

29 -Men sa w'a di moun pèp Izrayèl yo. Lè yon moun ap fè yon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou l' pran yon pòsyon ladan l' ki va sèvi tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.

30 L'a pote l' ak men l' pou yo boule l' pou Seyè a. L'a pote grès bèt la ansanm ak tout pwatrin lan pou yo ka balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a.

31 Prèt la va boule grès la sou lotèl la. Men pwatrin lan va rete pou Arawon ak pitit li yo.

32 N'a pran jigo dwat bèt li te ofri pou di Bondye mèsi a, n'a bay prèt la li pou li prezante l' tankou yon ofrann devan Seyè a.

33 Konsa, prèt ki ofri san an ak grès bèt yo te touye pou di Bondye mèsi a va resevwa jigo dwat la pou tèt pa l'.

34 Pwatrin bèt la, se yon ofrann espesyal y'a annik balanse devan Seyè a. Jigo dwat la, se yon ofrann y'a annik prezante devan Seyè a. Se Seyè a menm ki wete moso sa yo nan ofrann pèp la va fè a pou li bay prèt yo. Sa se bagay moun Izrayèl yo dwe toujou bay prèt yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan.

35 ¶ Se pòsyon sa yo pou yo pran nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a pou yo te bay Arawon ak pitit li yo, depi jou yo te mete yo apa pou sèvi prèt pou Seyè a.

36 Jou sa a, se Seyè a menm ki te bay pèp Izrayèl la lòd pou yo bay prèt yo pòsyon sa yo nan ofrann lan. Sa se yon regleman pou pèp Izrayèl la toujou swiv de pitit an pitit.

37 Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou yo boule pou Seyè a, lè y'ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen, ofrann pou peye pou sa yo fè ki mal, ofrann pou lè y'ap mete prèt yo apa pou Bondye, ofrann pou di Bondye mèsi.

38 Se Seyè a menm ki te bay Moyiz regleman sa yo, sou mòn Sinayi nan mitan dezè a, jou li te mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ofrann ba li.

¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Pran Arawon ak pitit gason l' yo ansanm avè ou. W'a pote rad seremoni yo, lwil pou mete moun osinon bèt apa pou Bondye a, towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la, de belye mouton yo ak panyen pen san ledven yo tou.

Apre sa, w'a rele tout pèp la pou yo sanble devan pòt kay Randevou a.

Moyiz fè sa Seyè a te ba li lòd fè a, epi tout pèp la sanble devan pòt kay Randevou a

Moyiz di moun yo: -Men sa Seyè a te ban mwen lòd fè a.

Lè sa a Moyiz fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche, li benyen yo nan dlo.

Lèfini, li mete chemiz la ak gwo rad la sou Arawon, li mare sentiwon an nan ren li. Apre sa, li mete jile a sou li, li mare bèl sentiwon jile a nan ren l'.

Epi li mete plastwon an sou li, li mete ourim ak tourim yo nan pòch plastwon an.

Li mare tèt Arawon ak gwo mouchwa tèt la, epi li pran plak lò ki te gen pawòl sa yo grave sou li: Apa pou Bondye, li mare l' sou devan mouchwa a dapre lòd Seyè a te ba li.

10 Apre sa, Moyiz pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li voye l' sou kay Bondye a ak sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa, li te mete yo apa pou sèvis Seyè a.

11 Li voye lwil la sèt fwa sou lotèl la ak sou tout bagay ki sèvi sou lotèl la, sou kivèt la ak tout pye li. Se konsa li mete yo apa pou sèvis Bondye.

12 Lèfini ankò, li pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li vide l' sou tèt Arawon. Se konsa li mete l' apa pou Bondye.

13 Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete rad yo sou yo, li pase sentiwon nan ren yo, li mare mouchwa tèt sou tèt yo, dapre lòd Seyè a te ba li.

14 ¶ Apre sa, Moyiz fè mennen ti towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.

15 Lèfini, Moyiz touye towo a, li tranpe dwèt li nan san towo a, li mete ti degout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li fè ofrann pou peye pou tou sa moun te fè ki mal sou lotèl la, li vide tout rès san an atè nan pye lotèl la. Se konsa li mete l' apa pou Bondye, li mande Bondye gras pou li.

16 Apre sa, Moyiz pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a, ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, li boule yo nèt sou lotèl la.

17 Men, li pran tout vyann ti towo a, po a ak tout tripay la, li boule yo an deyò limit kote yo rete a, dapre lòd Seyè a te ba li.

18 Apre sa, Moyiz fè mennen belye mouton ki pou boule nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.

19 Moyiz touye l', li pran san an, li vide l' tout arebò lotèl la.

20 Li dekoupe belye a an divès moso. Apre sa, li boule tèt la, moso vyann yo ak tout moso grès yo nèt sou lotèl la.

21 Moyiz lave tripay yo ak pye yo nan dlo. Apre sa li boule tout towo a nèt sou lotèl la. Se te yon bèt li ofri pou boule nèt nan dife pou Seyè a, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li, dapre lòd Seyè a te ba li.

22 Apre sa, Moyiz fè mennen lòt belye mouton an, belye ki pou sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.

23 Moyiz touye l', li pran ti gout nan san belye a, li mete l' sou tete zòrèy dwat Arawon, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.

24 Apre sa, Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete ti gout san sou tete zòrèy dwat yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Lèfini, Moyiz pran rès san an, li vide l' tout arebò lotèl la.

25 Apre sa, li pran tout moso grès yo, ke a, tout grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la.

26 Nan panyen pen san ledven ki devan Seyè a, li pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil, ak yon pen rale. Li mete yo sou moso grès yo ak sou jigo dwat la.

27 Apre sa, li mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l' yo, li balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.

28 Apre sa, Moyiz pran ofrann yo nan men yo, li boule yo sou lotèl la anwo ofrann ki t'ap boule deja a. Se te yon ofrann pou bay prèt yo pouvwa pou yo sèvi Bondye, yon ofrann bèt k'ap boule nèt nan dife pou Seyè a, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

29 Moyiz pran moso pwatrin lan, li balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. Nan belye ki te sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa a, se pòsyon sa a ki te pou Moyiz, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.

30 Lè sa a, Moyiz pran ti gout nan lwil pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, li melanje l' ak san ki te sou lotèl la, li voye l' sou Arawon ak sou tout rad li yo, sou pitit gason Arawon yo ak sou tout rad yo.

31 ¶ Moyiz pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l' yo, li di yo: -N'a fè kwit vyann belye a devan pòt Tant Randevou a. Se la n'a manje l' tou ansanm ak pen ki nan panyen ofrann yo fè lè nou t'ap resevwa pouvwa pou fè sèvis pou Bondye a, dapre lòd mwen te resevwa lè li te di m': Arawon ak pitit gason l' yo va manje vyann belye a.

32 Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, n'a boule l' nan dife.

33 Pandan sèt jou, nou p'ap soti devan pòt Tant Randevou a, jouk lè y'a fini ak seremoni pou mete nou apa pou sèvis Bondye a, paske y'ap pran sèt jou pou fè seremoni pou ban nou pouvwa pou fè sèvis pou Bondye.

34 Sa nou wè nou fè jòdi a, se Seyè a menm ki te bay lòd pou nou te fè l' pou peye pou tou sa nou te fè ki mal.

35 Pandan sèt jou, lajounen kou lannwit, n'a rete la devan pòt Tant Randevou a, epi n'a fè tou sa Seyè a te ban nou lòd fè a. Si se pa sa, n'a mouri. Wi, men lòd Seyè a te ban mwen an.

36 Se konsa, Arawon ak pitit gason l' yo te fè tou sa Moyiz te di yo Seyè a te ba yo lòd fè a.

¶ Sou wityèm jou a apre yo fini avèk sèvis pou mete yo apa pou Bondye a, Moyiz rele Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.

Epi li di Arawon konsa: -Pran yon jenn ti towo san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa nou fè ki mal, ak yon belye mouton san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou nou boule nèt pou Seyè a. Ofri yo bay Seyè a.

Apre sa, w'a mande moun pèp Izrayèl yo pou yo pran yon bouk san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, yon ti towo san ankenn enfimite ki gen ennan ak yon ti mouton san ankenn enfimite ki gen ennan ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa pèp la fè ki mal.

Lèfini, y'a pran yon towo ak yon belye pou sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. Y'a ofri yo tout bay Seyè a ansanm ak ofrann grenn ki sot nan jaden yo melanje ak lwil. Y'a fè sa paske Seyè a pral parèt devan yo jòdi a.

Se konsa yo pran tou sa Moyiz te ba yo lòd pran an. Yo mennen yo devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, tout pèp la nèt sanble menm kote a, yo rete kanpe devan Seyè a.

Lè sa a Moyiz di yo: -Seyè a te bay lòd pou nou te fè tou sa pou li ka fè nou wè pouvwa li.

Apre sa, Moyiz di Arawon konsa: -Pwoche bò lotèl la, fè yon ofrann pou peye pou tou sa ou fè ki mal, ak yon ofrann pou ou boule nèt pou Seyè a. Apre sa w'a fè menm bagay pou pèp la. Wi, mete ofrann pèp la devan Bondye, mande Bondye pou l' fè yo gras, jan Seyè a te bay lòd la.

¶ Se konsa Arawon pwoche bò lotèl la, li touye ti towo bèf li te bay pou ofrann pou peye pou sa li te fè ki mal.

Pitit li yo pote san an ba li, li tranpe dwèt li nan san an, epi li mete ti gout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li vide rès la nan pye lotèl la.

10 Lè l' fini, li pran grès la, wonyon yo, mas grès ki te sou fwa a, li mete yo boule sou lotèl la jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.

11 Pou vyann lan ak po a, li boule yo nan dife andeyò lòt bò limit kote yo rete a.

12 Apre sa, Arawon touye bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a. Pitit li yo pote san an ba li, li vide l' sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.

13 Yo pote ba li tou tèt la ansanm ak rès vyann lan dekoupe, epi li mete yo boule sou lotèl la.

14 Li lave tripay yo ansanm ak pye yo. Lèfini li mete yo boule sou lotèl la anwo vyann yo t'ap boule pou Seyè a.

15 Apre sa, Arawon mete ofrann pèp la devan Seyè a: li pran bouk pèp la te ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la, li touye l' epi li ofri l' bay Seyè a pou peche pèp la, jan l' te fè l' pou pa l' la.

16 Apre sa, li fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre regleman yo.

17 Li mete ofrann grenn jaden yo devan Seyè a. Li pran yon ponyen farin, li boule l' sou lotèl la, anplis ofrann ki t'ap boule depi maten an.

18 Li touye towo a ak belye a, li ofri yo tankou ofrann pèp la fè pou di Bondye mèsi. Pitit li yo pote san an ba li, li vide san an sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.

19 Apre sa, Arawon pran tout moso grès towo a ak moso grès belye a, ke yo, grès ki vlope zantray yo, mas fwa yo, grès ki kouvri wonyon yo.

20 Li mete yo yonn sou lòt sou de moso pwatrin yo, epi li pote tout grès yo, li mete yo boule nèt sou lotèl la.

21 Men, li pran moso pwatrin yo ak jigo dwat yo, li balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann, jan Moyiz te ba li lòd fè a.

22 Lè Arawon fin fè tout ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal, ofrann pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi, li leve men l' anwo pèp la, li beni yo epi li desann.

23 ¶ Moyiz ak Arawon antre anndan Tant Randevou a. Lè yo soti, yo beni pèp la ankò. Se lè sa a pouvwa Seyè a parèt devan je pèp la.

24 Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.

10 ¶ Yon jou, de nan pitit Arawon yo, Nadab ak Abiyou, leve, yo pran ti recho yo, yo mete chabon dife tou limen ladan yo, yo mete lansan nan dife a, epi y' al ofri l' bay Seyè a. Men, dife a pa t' bon paske se pa t' yon dife Seyè a te bay lòd fè.

Seyè a voye yon dife sou yo, dife a boule yo, epi yo mouri la devan Seyè a.

¶ Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.

Moyiz rele Mikayèl ak Elzafan, de pitit gason Ouzyèl, tonton Arawon, li di yo: -Vini non! Wete kadav kouzen nou yo devan tant Seyè a, pote yo deyò lòt bò limit kan an.

Se konsa yo vini, yo pran kò yo ak tout rad ki te sou yo, yo pote yo lòt bò limit kan an, jan Moyiz te di a.

Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l' la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n'a mouri, Seyè a va fache sou tout pèp la. Men, frè nou yo ansanm ak tout lòt moun peyi Izrayèl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyè a te voye sou yo a.

Nou menm, rete nan tant Randevou a. Pa mete pwent pye nou deyò. Si nou fè sa n'a mouri, paske avèk lwil yo te vide sou tèt nou an, yo mete nou apa pou Seyè a. Yo fè jan Moyiz te di a.

¶ Seyè a pale ak Arawon, li di l' konsa:

-Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni ankenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo.

10 Se pou nou konnen sa ki apa pou sèvis Bondye ak sa ki pou sèvis òdinè, sa ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye ak sa ki ka sèvi pou sèvis Bondye.

11 Lèfini, se devwa nou pou nou moutre pèp Izrayèl la tout regleman mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz pou nou.

12 ¶ Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason ki te rete l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyè a, n'a fè pen san ledven avè l', n'a manje yo bò lotèl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nèt pou Seyè a.

13 N'a manje l' yon kote ki apa pou Seyè a. Wi, se pòsyon sa a ki pou ou ansanm ak pitit ou yo nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a. Se sa Seyè a te ban m' lòd fè.

14 Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyè a ak jigo yo te ofri bay Seyè a pou prèt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Seyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo soti.

15 Wi, y'a pote jigo ak pwatrin y'ap ofri pou boule ansanm ak pòsyon grès y'ap ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Y'a balanse yo devan Bondye. Pòsyon sa yo va toujou rete pou ou ansanm ak pou pitit ou yo, jan Seyè a te bay lòd la.

16 Lè sa a, Moyiz mande sa yo te fè ak kabrit ki sèvi ofrann pou peye pou sa moun te fè ki mal la. Yo di l' yo te gen tan boule l'. Moyiz fè yon sèl move sou Eleaza ak Itama, de gason Arawon ki te rete yo, li di yo konsa:

17 -Poukisa nou pa t' manje ofrann yo te fè pou peche a nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a? Nou konnen ofrann lan se yon bagay ki apa nèt pou Seyè a. Seyè a ban nou l' pou nou manje, pou li ka wete peche pèp la, pou peye pou peche yo fè.

18 Tande byen. Nou wè yo pa t' pote san an anndan kay Bondye a. Se pou nou te manje vyann lan nan kay ki apa pou Bondye a, jan Bondye te ban mwen lòd fè l' la.

19 Arawon reponn Moyiz: -Ou wè sa ki rive m' jòdi a? Atout pèp la te fè ofrann pou wete peche li yo ak ofrann pou boule pou Seyè a, mwen t'ap mande m' si m' te manje ofrann peche yo a jòdi a, ou kwè sa ta fè Seyè a plezi?

20 Lè Moyiz tande sa, sa te fè kè l' kontan.

11 ¶ Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:

-Men sa pou nou di moun pèp Izrayèl yo.

Nan tout bèt ki sou latè, men bèt nou ka touye pou nou manje. Nou ka manje tout bèt ki gen zago yo fann an de depi yo remoute manje tou.

Men, gen bèt ki remoute manje epi ki pa gen zago yo fann. Bèt konsa nou pa gen dwa manje yo. Sa pa bon pou nou! Nou gen chamo ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann. Vyann li pa bon pou nou manje.

Nou gen daman ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann.

Nou gen ankò lapen ki remoute manje men ki pa gen zago fann an de. Vyann li pa bon pou nou manje.

Nou gen ankò kochon. Li menm li gen zago fann an de, men li pa remoute manje. Vyann li tou pa bon pou nou manje.

Piga nou janm manje vyann bèt sa yo. Piga nou manyen kadav yo. Yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.

¶ Nan bèt k'ap viv nan dlo men sa nou ka manje. Nou ka manje tout bèt nan lanmè ak nan dlo dous ki gen zèl ak kal sou kò yo.

10 Men, tout bèt k'ap viv nan lanmè osinon nan dlo dous men ki pa gen ni zèl ni kal sou kò yo, sa pa bon pou manje yo.

11 Gade yo pou move vyann. Pa manje vyann yo, pa manyen kadav yo.

12 Tout bèt k'ap viv nan dlo men ki pa gen zèl ak kal sou kò yo, nou pa fèt pou nou manje yo.

13 Nan tout zwazo men sa nou pa gen dwa manje paske yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.

14 Malfini karanklou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav,

15 tout kalite kònèy,

16 otrich, janmichèt, poul dlo, grigri, ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,

17 koukou, plonjon, frize,

18 gwo kanna mawon blan, grangozye, chwèt,

19 sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, chòchòt, sèpantye.

20 ¶ Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje.

21 Men, nou ka manje tout ti bètazèl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmèt yo sote,

22 tankou krikèt kay, krikèt bwa, chwal bondye ak lòt kalite krikèt.

23 Men, tout lòt ti bètazèl ki gen kat pye pa bon pou nou manje.

24 Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

25 Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

26 Tout bèt ki pa gen zago yo fann an de osinon ki pa remoute manje pa bon pou nou manje. Tout moun ki manyen ata kadav bèt sa yo pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.

27 Konsa tou, tout bèt ki mache sou kat pa t' men ki pa gen zago, yo pa bon pou nou manje. Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

28 Tout moun ki pote kadav bèt yo al jete gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje.

29 Pami tout bèt toupatou sou latè ki mache sou vant, men sa ki pa bon pou nou manje: tout kalite zagoudi, sourit ak leza,

30 zandolit, soud, mabouya, gongolo, aganman.

31 Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje. Si yon moun annik manyen kadav yonn nan bèt sa yo, l'a nan kondisyon pou l' pa fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

32 Si kadav bèt sa yo tonbe sou nenpòt ki bagay, kit an bwa, kit an twal, kit an po, kit an twal sak, osinon sou nenpòt ki zouti nou sèvi pou nou travay, bagay sa a osinon zouti sa a pa bon pou nou sèvi. Se pou nou mete l' tranpe nan dlo, li p'ap bon pou nou sèvi avè l' jouk aswè rive. Apre sa, nou ka sèvi avè l' san danje.

33 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe nan yon veso fèt an tè, tou sa ki nan veso a pa bon pou nou sèvi ankò, epitou se pou nou kraze veso sa a.

34 Si ti gout nan dlo ki soti nan veso sa a ta rive tonbe sou nenpòt manje nou gen dwa manje, manje a pa bon ankò pou nou manje. Konsa tou, tout bwason nou gen dwa bwè, si yo ta rive vide l' nan yon veso konsa, li pa bon ankò pou nou bwè.

35 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou nenpòt bagay, bagay sa a pa bon pou sèvi ankò. Si se yon fou osinon yon recho, se pou yo kraze yo an miyèt moso. Yo pa bon, nou pa fèt pou sèvi ak yo ankò menm.

36 Men, si yo tonbe nan yon sous osinon nan yon sitèn pou ranmase dlo, sous la osinon sitèn lan ap toujou bon pou sèvis nou. Men, moun ki manyen kadav la pou wete l' nan dlo a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

37 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou grenn nou pral plante, grenn yo bon toujou pou plante.

38 Men, si grenn lan te tranpe nan dlo epi kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou li, grenn lan pa bon ankò pou plante.

39 Lè yon bèt nou ka manje rete konsa li mouri, tout moun ki manyen kadav li p'ap kapab fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

40 Moun ki manje nenpòt moso nan vyann bèt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

41 Tout ti bèt k'ap trennen sou vant pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye. Nou pa fèt pou manje yo.

42 Depi se ti bèt k'ap trennen sou vant ou ankò ti bèt kat pye, ou ankò ti bèt ki gen anpil pye, yo yonn pa bon menm pou moun k'ap sèvi Bondye: nou pa fèt pou nou manje yo.

43 ¶ Pa manje ankenn nan ti bèt k'ap trennen sou vant yo pou yo pa mete nou nan kondisyon pou nou pa kapab fè sèvis pou mwen.

44 Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bèt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi m'.

45 Se mwen menm, Seyè a, se mwen menm ki te mennen nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Wi, se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen se yon Bondye apa.

46 Men regleman ki gen rapò ak bèt, zwazo ak tout lòt bèt k'ap viv nan dlo, osinon k'ap trennen sou vant.

47 Se pou nou toujou rekonèt bèt ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye ak bèt ki p'ap fè l', bèt ki bon pou nou manje ak bèt ki pa bon pou nou manje.

12 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Men sa pou ou di pep Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li.

Sou wityèm jou a, y'a sikonsi pitit la.

Men, madanm lan va rete ankò tranntwa jou. Se apre sa l'a fè sèvis pou san li pèdi a. Li p'ap gen dwa manyen ankenn bagay yo mete apa pou Bondye, ni li p'ap gen dwa antre nan tant ki apa pou Bondye a, toutotan li poko fè sèvis pou mete l' ankò nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a.

Si se yon tifi li fè, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan de senmenn apre akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Apre sa se pou l' pase swasannsis jou anvan li fè sèvis pou san li pèdi a.

¶ Lè li fin pase kantite jou pou l' pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l' te fè ki mal.

Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou mande padon pou fanm lan. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou san li pèdi a. Wi, se sa pou yon fanm fè apre li fin akouche, kit se yon gason, kit se yon fi li fè.

Si fanm lan pa gen mwayen pou l' pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou l' mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l' ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.

13 ¶ Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:

-Si yon moun wè yon kote sou po kò l' anfle, ou ankò si li wè yon bouton osinon yon tach parèt sou po l' ki ta vle sanble konmansman yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun, y'a mennen l' bay Arawon, prèt la, ou ankò bay yonn nan pitit li yo ki prèt tou.

Prèt la va egzaminen kote ki malad la. Si pwal yo vin tou blan, epi si maladi a fouye po a ti kras, l'a konnen se yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun. Lè prèt la va wè sa, l'a fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.

Men, si kote po a anfle a vin tou blan san li pa fouye, si pwal yo pa vin blan, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pandan sèt jou.

Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an rete menm jan an, li pa laji sou po a, prèt la va fèmen moun lan pou kont li pou sèt jou ankò.

Apre sa, prèt la va egzaminen l' ankò. Si bouton an cheche, si li pa laji kò l' sou po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. Lè sa a, moun lan va lave rad li, epi l'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.

Men si bouton an vin pi laj sou po a, apre prèt la te fin di moun lan bon lè li te wè l' la, se pou moun lan parèt devan prèt la ankò.

Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin pi laj sou po a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen!

Lè yon moun va gen yon move maladi po sou li, y'a mennen l' bay prèt la.

10 Prèt la va egzaminen l'. Si li wè yon bouton blan sou po a ki fè pwal yo vin blan tou, si bouton an plen postim,

11 se va yon move maladi po ki chita sou li. Prèt la va fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Li p'ap bezwen fèmen l' yon kote pou kont li, paske se bagay ki klè, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye.

12 Men, si maladi a gaye sou tout kò l', si li kouvri ak bouton depi nan tèt jouk nan pye, kifè kote prèt la voye je l' li wè se bouton,

13 prèt la va egzaminen l' ankò. Si maladi a kouvri tout kò l', prèt la va di moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi tout kò l' vin tou blan, li nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

14 Men, jou yon bouton pete, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

15 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè yon bouton pete, l'a fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi bouton an pete se yon move maladi po li genyen, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

16 Men, lè bouton an va konmanse geri, po a konmanse vin blan ankò, moun lan va tounen al jwenn prèt la.

17 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin tou blan, prèt la va fè konnen nonm lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

18 ¶ Si yon moun gen yon apse ki geri,

19 men kote apse a te ye a vin anfle, ou ankò yon ti bouton wouj anba po a vin parèt, se pou l' al wè prèt la.

20 Prèt la va egzaminen l'. Si bouton an gen lè yon ti jan pi fon pase rès po a, epi si pwal ki ladan l' yo vin tou blan, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po k'ap parèt sou mak apse a.

21 Men, lè prèt la egzaminen l', si li wè pwal ki ladan l' yo pa blan, si bouton an pa pi fon pase rès po a, si li konmanse chanje koulè, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.

22 Si bouton an gaye sou tout kò l', prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.

23 Men, si bouton an rete jan l' te ye a, y'a konnen se mak apse a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan pa gen anyen, li toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

24 Ou ankò, lè yon moun boule nan dife, si lè li konmanse geri, po a vin yon ti jan wouj e blan,

25 prèt la va egzaminen l'. Si li wè pwal yo vin blan, epi si tach la gen lè pi fon pase rès po a, y'a konnen se yon move maladi po k'ap devlope sou boule a. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.

26 Men, si lè prèt la egzaminen l' li pa jwenn pwal blan ladan l', epi tach la pa pi fon pase rès po a, men li ta vle chanje koulè, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou.

27 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè tach la ap gaye, l'a konnen se yon move maladi po li genyen. Lè sa a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.

28 Men, si tach la rete jan l' te ye a, si li pa gaye sou po a, si se koulè a ase ki chanje, l'a konnen se mak boule a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, paske se boule a k'ap geri.

29 Lè yon gason osinon yon fanm gen yon kote nan cheve l' osinon nan bab li ki fè yon plak,

30 prèt la va egzaminen plak la. Si li gen lè pi fon pase rès po a, si li gen cheve yon ti jan jòn, fin fen ladan l', l'a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki parèt nan cheve l' osinon nan bab li. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

31 Men, lè prèt la egzaminen plak pyas la, si li wè gen lè li pa pi fon pase rès po a, epi cheve ki ladan l' yo yon ti jan jòn, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.

32 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen malenng lan ankò. Si pyas la gaye, si cheve ki ladan l' yo pa vin jòn, si li gen lè pa pi fon pase rès po a,

33 moun lan va koupe tout cheve nan tèt li san l' pa manyen pyas la. Apre sa, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou ankò.

34 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la pa laji sou po a, si li pa fouye po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Moun lan menm va lave rad sou li, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.

35 Men, si apre prèt la te fin di moun lan nan bon kondisyon an, pyas la gaye tout bon vre sou po a,

36 prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la gaye vre sou po a, li pa bezwen chache wè si li gen cheve jòn ankò. L'a tou konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

37 Men si li wè pyas la rete jan l' te ye a, epi cheve nwa ap pouse sou li, l'a tou konnen pyas la geri, epi prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

38 ¶ Lè yon gason osinon yon fanm gen ti tach blan ki parèt sou po l',

39 prèt la va egzaminen l'. Si tach yo yon ti koulè blan sal, l'a konnen se yon ti gratèl ki parèt sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

40 Lè yon nonm pèdi tout cheve nan tèt li, li chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

41 Konsa tou, lè yon moun pèdi cheve sou tout devan tèt li, li demi chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

42 Men, si kote l' chòv la yon ti tach koulè wouj-blan parèt, se ka yon move maladi po k'ap leve sou kò l'.

43 Lè sa a, prèt la va egzaminen l'. Si plak la gen yon ti koulè wouj-blan tankou lè moun gen move maladi po sou kò yo,

44 l'a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, akòz move maladi po ki parèt sou tèt li a.

45 Lè yon moun gen yon move maladi po, l'a mete vye rad chire sou li. L'a kite tèt li san penyen, l'a kouvri figi l' depi anba nen l' desann, epi kote l' pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad!

46 Pandan tout tan maladi a va sou li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon moun ki gen move maladi po li ye. L'a rete yon kote pou kont li, nan yon kay andeyò limit kote moun rete.

47 ¶ Lè yon rad fèt an lenn nèt osinon an twal fen blan nèt bay mak tankou li ta vle kanni,

48 ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat yo osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou yo ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon yon bagay fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni,

49 si kote ki vle kanni an gen yon ti koulè vèt osinon wouj, sa vle di se kanni l'ap kanni. Se pou nou pote l' moutre prèt la.

50 Prèt la va pran l', l'a egzaminen l' epi l'a fèmen bagay ki vle kanni an yon kote pou sèt jou.

51 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè kanni an gaye sou twal la, osinon li mache nan fil dwat yo osinon nan fil travè yo, oswa sou po a, osinon sou bagay fèt ak po, sa vle di se kanni l'ap kanni vre. Moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l' ankò.

52 Prèt la va boule bagay ki kanni an, paske se yon move maladi k'ap manje tout rad la. Se pou yo boule l' nan dife.

53 Men, si lè prèt la egzaminen l', li jwenn kanni an pa gaye nan twal la osinon nan po a,

54 prèt la va bay lòd pou yo lave l'. Apre sa, l'a fèmen l' ankò yon kote pou sèt jou.

55 Sou setyèm jou a, l'a egzaminen l' ankò. Si li wè kote ki te vle kanni an rete menm jan an, menm si li pa gaye sou rès twal la, bagay la pa nan bon kondisyon, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l'. Se pou yo boule l' nan dife, kanni an te mèt sou lanvè ou sou landrèt li.

56 Men, si lè prèt la ap egzaminen l' dezyèm fwa a, li wè kanni an te pèdi koulè, fwa sa a, l'a chire kote ki te kanni nan twal la osinon nan po a. Ou ankò, l'a wete fil dwat ou fil travè ki te kanni nan twal la.

57 Si apre sa, kanni an parèt ankò epi li konmanse gaye nan rès rad la, mèt rad la va boule l'.

58 Si apre yo lave yon rad, kanni an disparèt, y'a lave l' yon dezyèm fwa. Se lè sa a rad la va nan bon kondisyon, moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi avè l'.

59 Men regleman pou nou swiv lè yon rad fèt an lenn osinon an twal fen blan bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon nenpòt bagay ki fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni. Se konsa n'a konnen si moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi osinon pa ka sèvi ak yo.

14 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Men regleman w'a bay pou yo swiv lè y'ap fè sèvis pou moun ki geri apre yo te gen move maladi po. Jou pou yo rekonèt moun lan geri a, y'a mennen l' bay prèt la.

Prèt la va pran l', l'a soti ansanm avè l' lòt bò limit kan kote moun rete a. L'a egzaminen l' byen egzaminen, pou l' wè si malad la geri vre.

Prèt la va bay lòd pou yo pote pou moun ki te malad la de zwazo tou vivan epi ki bon pou moun k'ap fè sèvis pou Bondye, ansanm ak yon moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.

Apre sa, prèt la va bay lòd pou yo touye premye zwazo a anwo yon bòl an tè plen dlo fre.

L'a pran lòt zwazo a tou vivan ansanm ak bwa sèd la, moso twal kamwazi a ak ti branch izòp la, l'a plonje yo nan san zwazo yo te touye anwo dlo fre a.

Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou moun ki te gen move maladi po a epi l'a di moun lan nan kondisyon ankò pou fè sèvis Bondye. L'a lage zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa.

Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tèt li nèt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sèt jou.

Sou setyèm jou a, l'a kale tèt li ankò, l'a koupe tout bab li, tout plim je l' ak tout plim ki sou tout rès kò li. L'a lave rad ki te sou li a, l'a lave kò l' nan gwo dlo. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.

10 ¶ Sou wityèm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmèl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutèy demi lit plen lwil oliv.

11 Prèt k'ap fè sèvis la va mennen moun lan ansanm ak ofrann li yo devan Seyè a, jouk nan papòt Tant Randevou a.

12 Rive la, prèt la va pran yonn nan ti belye yo, l'a ofri l' ansanm ak demi lit lwil la bay Seyè a pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. L'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.

13 L'a touye ti mouton an kote yo konn touye bèt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nèt la, nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a. L'a fè sa konsa paske bèt moun yo ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prèt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.

14 Apre sa, prèt la va pran ti gout nan san ti mouton an, l'a pase l' sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.

15 Prèt la va pran ti gout lwil nan boutèy la, l'a vide l' nan pla men gòch li.

16 L'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye ti gout lwil sèt fwa devan lotèl Bondye a.

17 L'a pran ti gout nan lwil ki nan pla men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.

18 Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men l' lan sou tèt moun lan. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.

19 Apre sa, prèt la va fè ofrann pou peye sa moun lan fè ki mal. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun ki te malad la. L'a touye bèt pou yo boule nèt la.

20 L'a mete l' sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.

21 ¶ Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil.

22 L'a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a.

23 Sou wityèm jou a, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a, pou prèt la fè sèvis pou mete l' nan kondisyon pou li ka sèvi Seyè a ankò.

24 Prèt la va pran ti mouton li ofri pou peye pou sa moun lan fè ki mal la ansanm ak boutèy lwil la, l'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.

25 Apre sa, l'a touye ti mouton an, l'a pran ti gout nan san li l'a mete sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.

26 Prèt la va vide ti gout lwil nan pla men gòch li,

27 l'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye lwil la sèt fwa devan lotèl Seyè a.

28 Apre sa, l'a pran nan lwil ki nan men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li a ak sou gwo zòtèy pye dwat li a.

29 Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men gòch li a sou tèt moun lan. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.

30 Apre sa, l'a ofri toutrèl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmèt li,

31 yonn pou mande padon pou peche, lòt la pou yo boule nèt ansanm ak ofrann farin ble a. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun lan.

32 Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.