The Daily Audio Bible
Today's audio is from the CEV. Switch to the CEV to read along with the audio.
51 Apre sa, Etyèn di lidè yo konsa: “Nou pa manke gen tèt di. Nou fèmen kè nou. Nou bouche zòrèy nou lè Bondye ap pale ak nou. Nou pa janm sispann kenbe tèt ak Sentespri Bondye a. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se konsa nou ye tou. 52 Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la[a] t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l. 53 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz la Bondye te ban nou pa mwayen anj li yo, men nou pa obeyi lalwa sa a.”
Yo touye Etyèn
54 Lè lidè Jwif yo nan Gran Konsèy la tande pawòl sa yo nan bouch Etyèn, yo pa t manke fache kont li. Yo te tèlman ankòlè, yo manje dan sou Etyèn. 55 Men Etyèn menm te anba pouvwa Sentespri a. Li leve je l anlè, li gade syèl la. Li wè Bondye Papa a nan tout glwa li, epi li wè Jezi, pitit la ki kanpe adwat papa a. 56 Lè sa a, Etyèn di: Gade, mwen wè syèl la louvri, epi mwen wè Jezi, pitit lòm nan kanpe sou bò dwat Bondye.
57 Konsa, tout moun ki te la yo tonbe fè yon pakèt gwo bri. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande sa Etyèn t ap di a, epi yo tout ansanm kouri sou li. 58 Yo trennen Etyèn mete deyò lavil la, epi yo tonbe kalonnen l ak kout wòch. Moun ki t ap akize Etyèn yo te retire rad yo bay yon jenn gason yo te rele Sòl pou siveye yo. 59 Pandan yo t ap kalonnen Etyèn anba kout wòch la, li menm li t ap lapriyè. Li t ap di: “Senyè Jezi, resevwa lespri mwen.” 60 Apre sa, Etyèn tonbe ajenou, li rele byen fò, li di: “Senyè, tanpri pa mete peche sa a sou kont yo.” Fini l fin di sa a, Etyèn mouri.
8 Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn.
Pèsekisyon kont kwayan yo
Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm. 2 Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li. 3 Sòl li menm te soti pou detwi legliz la. Li mache kay an kay al trennen tout moun ki kwè nan Kris yo mete deyò, li fè fèmen fanm tankou gason nan prizon. 4 Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.
Filip preche Bòn Nouvèl la nan Samari
5 Filip[b] desann nan vil Samari epi li tonbe preche moun nan vil la mesaj Kris la. 6 Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou. 7 Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou. 8 Lè sa a, moun nan vil la te kontan anpil anpil.
9 Te gen yon nonm nan vil Samari yo te rele Simon. Se Simon sa a ki te sèl kòk chante, anvan Filip te vin nan zòn nan. Li te konn ap fè anpil maji ki te konn fè moun Samari yo sezi. Li te menm konn ap bat lestomak li pou di li se yon moun ki pa kanmarad lòt moun. 10 Tout moun, ti malere tankou gwo chabrak yo, te kwè nan sa l ta p fè yo, yo t ap di: “Nonm sa a gen pouvwa Bondye sou li, sa yo rele gwo pouvwa a.” 11 Simon te tèlman gen lontan depi l ap fè maji devan je pèp la, yo te sezi wè sa l t ap fè yo epi yo te vin fanatik li. 12 Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm. 13 Simon li menm te kwè tou. Apre l fin batize, li te rete ansanm ak Filip tout kote Filip pase. Lè Simon te wè tout bèl bagay ak gwo mirak Filip t ap fè yo, li te sezi.
Copyright © 2017 by Bible League International