The Daily Audio Bible
Today's audio is from the NIV. Switch to the NIV to read along with the audio.
23 Apre Pòl fin pase yon tan nan vil Antyòch, li pati ankò al nan peyi Galasi ak Friji. Li pase de vil an vil nan peyi sa yo ap ede kwayan yo vin pi fèm nan lafwa yo.
Apolòs nan Efèz ak nan Korent
24 Te gen yon Jwif ki te rele Apolòs ki te rive nan Efèz. Apolòs sa a te fèt nan vil Aleksandri. Se te yon gwo oratè ki te aprann pale byen epi li te konn Bib li byen tou. 25 Se yon moun ki te byen fòme nan chemen Bondye a epi l te toujou chofe pou pale moun de Jezi. Sa l t ap anseye konsènan Kris la pa t gen okenn fay, malgre se batèm Janbatis la sèlman l te konnen. 26 Apolòs te kòmanse preche nan Sinagòg la avèk anpil asirans. Lè Prisil ak Akilas tande l ap preche konsa, yo pran li lakay yo epi la, yo ede l konprann chemen Bondye a pi byen toujou.
27 Kòm li te vle pase nan Akayi, kwayan Efèz yo te ede li. Yo ekri yon lèt voye bay kwayan Akayi yo pou mande yo aksepte Apolòs lè l rive. Lè l rive Akayi, Apolòs pa t manke itil sila yo ki te aksepte Kris pa mwayen gras Bondye. 28 Paske se ak tout fòs li, li t ap fèmen bouch Jwif yo an piblik epi li t ap sèvi ak Bib la pou l bay prèv Jezi se Kris la toutbon vre, apati de pawòl Bondye.
Pòl nan Efèz
19 Pandan Apolòs te Korent, Pòl menm t ap vizite yon bann kote pandan l sou wout pou l desann Efèz. Lè l rive Efèz, li rankontre ak kèk lòt moun ki kwè nan Jezikris. 2 Li di yo: “Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te mete konfyans nou Kris la?” Kwayan yo reponn: “Nou pa menm janm tande pale de yon bagay ki rele Sentespri.”
3 Lè sa a, Pòl mande yo: “Ki batèm menm nou te resevwa?” Yo reponn: “Batèm Jan t ap preche a.”
4 Konsa, Pòl di yo: “Jan te preche yon batèm ki te di moun pou yo montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Li te di moun yo pou yo mete konfyans yo nan moun k ap vin apre l la, epi moun sa a se Jezi.”
5 Menm kote yo fin tande mesaj la, yo tout resevwa batèm nan non Senyè Jezi. 6 Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo epi Sentespri a desann sou yo. Lapoula, yo kòmanse pale an lang epi yo t ap pwofetize tou. 7 Te gen douz mesye konsa nan gwoup la.
8 Pòl te ale nan Sinagòg la kote l t ap pale avèk anpil asirans. Li te kontinye fè sa pandan twa mwa. Chak okazyon li te jwenn pou l diskite ak Jwif yo, li t ap eseye konvenk yo pou yo aksepte mesaj li t ap anonse yo konsènan wayòm Bondye a. 9 Men, gen ladan yo ki t ap fè tèt di, yo te refize kwè. La devan tout moun, yo t ap di yon pakèt move pawòl konsènan Chemen Kris la. Konsa, Pòl vire do kite Jwif yo; li sèlman pran disip ki te kwè yo ansanm avèk li. Depi lè sa a, se nan lokal lekòl Tiranis la Pòl te pale ak pèp la chak jou. 10 Pòl te fè travay sa a pandan dezan. Pandan tan sa a, tout moun nan rejyon Lazi a, Jwif tankou Grèk, te tande mesaj Bòn Nouvèl Bondye a.
Pitit gason Seva yo
11 Bondye te sèvi ak Pòl pou l fè kèk gwo mirak. 12 Gen moun ki pran mouchwa osinon moso twal ki te touche kò Pòl, y al mete yo sou moun malad. Malad yo te geri epi sa k te gen move lespri menm, move lespri yo te soti sou yo.
Copyright © 2017 by Bible League International