The Daily Audio Bible
Today's audio is from the GW. Switch to the GW to read along with the audio.
24 Bòn Nouvèl Bondye a menm t ap kontinye gaye. Li t ap touche plis moun.
25 Apre Banabas ak Sòl te fin akonpli misyon yo, yo soti Jerizalèm, yo tounen Antyòch.[a] Yo te pran Jan, jen nonm yo abitye rele Mak la, pou vini avèk yo.
Banabas ak Sòl gen yon travay espesyal
13 Nan legliz Antyòch la, te gen kèk pwofèt ansanm ak moun ki t ap anseye fidèl yo. Moun sa yo se te Banabas, Simeyon (yo te rele l mesye ki nwa a), Liziyis, moun lavil Sirèn nan, Manayèn (ki te leve ansanm ak wa Ewòd[b]), ak Sòl. 2 Pandan mesye sa yo te reyini pou fè sèvis pou Senyè a, yo t ap fè jèn, Sentespri a di yo: “Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen pou travay mwen rele yo pou yo fè a.”
3 Konsa, legliz la fè jèn epi yo priye. Apre sa, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl epi yo kite yo ale.
Banabas ak Sòl sou zile Chip
4 Sentespri a te voye Banabas ak Sòl. Yo pati ale nan vil Selesi. Pandan yo te Selesi, yo pran batiman pou y al nan zile Chip. 5 Lè Banabas ak Sòl rive nan vil Salamin, yo kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.
6 Banabas ak Sòl te travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive yo rive Pafòs, yo rakontre yon majisyen yo te rele Bajezi. Bajezi sa a se te yon Jwif ki te vle fè tèt li pase pou yon pwofèt. 7 Li te yon pwòch Sèjiyis Polis ki te gouvènè zile a epi ki te yon nonm entèlijan tou. Sèjiyis te envite Banabas ak Sòl vin lakay li, paske li te anvi pou l tande Bòn Nouvèl Bondye a. 8 Men, majisyen an, Elimas (paske se non sa a li te genyen nan lang Grèk la), t ap kenbe tèt avèk yo. Li t ap chache detounen gouvènè a pou l pa t mete konfyans li nan Kris la. 9 Sòl limenm (yo te rele l Pòl tou) te fikse je l sou majisyen an, pandan l te anba pouvwa Sentespri a. 10 Pòl di: “Se pitit Satan w ye, kè w plen ak manti ak mechanste! Ou se lènmi tout sa ki bon. Jouk ki lè ou ap sispann fè verite Bondye a pase pou manti? 11 Kounye a, Bondye pral frape w. Ou ap avèg. Ou p ap wè limyè solèy la pandan kèk tan. Menm lè a, Elimas vin avèg. Tout bagay vin tou nwa devan je l. Li t ap vire kò l adwat agoch, ap chache yon moun ki pou kenbe men l, pou kondui l.”
12 Lè gouvènè zile a wè sa k te pase a, li vin kwè. Li te sezi anpil, lè l tande ansèyman mesye yo konsènan Senyè a.
Pòl ak Banabas ale nan Antyòch nan Pisidi
13 Pòl ak moun ki te avèk li yo pran batiman nan Pafòs pou ale nan vil Pèj, nan rejyon Panfili. Pandan yo nan Pèj, Jan Mak kite yo, li retounen Jerizalèm. 14 Lè yo kite Pèj, yo kontinye vwayaje pou ale Antyòch ki nan Pisidi. Nan jou saba a, yo antre nan Sinagòg la epi yo chita.
15 Apre yo fin li nan liv Lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo, lidè yo nan sinagòg la voye mande Pòl ak Banabas si yo ta gen yon bagay pou di pèp la pou ede l, yo ta mèt pran lapawòl.
Copyright © 2017 by Bible League International