Print Page Options Listen to Reading
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the GW. Switch to the GW to read along with the audio.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '1 Wa 22 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 13:16-41

16 Pòl leve kanpe, li fè yon jès ak men l pou atire atansyon moun yo epi li di: “Nou menm pèp Izrayèl ak nou menm ki pa jwif, men k ap sèvi Bondye tou, fè yon ti koute m tanpri. 17 Se Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi zansèt nou yo. Pandan yo t ap viv kòm etranje nan peyi Lejip, Bondye te fè yo vin anpil anpil. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi Lejip. 18 Bondye te pran pasyans avèk yo pandan karant (40) an nan dezè a. 19 Li detwi sèt nasyon nan tèritwa Kanaran an, epi l bay pèp li a tè yo kòm byen pa yo. 20 Tout bagay sa yo te rive pandan 450 ane konsa. Apre sa, Bondye ba yo plizyè jij pou dirije yo jouk rive nan tan pwofèt Samyèl.

21 Apre peryòd jij yo, pèp la vin mande pou yo gen yon wa, epi Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la. Sayil te soti nan tribi Benjamen. Li te renye sou Izrayèl pandan karant (40) an. 22 Apre Bondye te fin rejte Sayil, li bay pèp la David kòm wa. Men sa Bondye limenm te di konsènan David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a, yon nonm ki nan gou m. Li va fè tout sa mwen vle l fè.

23 Jan Bondye te pwomèt la, li voye Jezi, yon pitit pitit David, vin delivre pèp Izrayèl la. 24 Anvan menm Jezi te vini, Janbatis te pwoklame yon mesaj pou fè pèp la konnen sa pou yo fè. Li di tout pèp Iszrayèl la pou yo batize pou yo ka montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. 25 Lè Jan te prèske fini ak travay li te gen pou l akonpli a, li di pèp la: Ki moun nou panse m ye? Se pa mwen ki Mesi a,[a] sila a nou tout ap tann nan. Li menm, l ap vin apre m. Mwen pa menm kalifye pou m ta delase lasèt sandal li.

26 Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou. 27 Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a. 28 Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm.

29 Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo. 30 Men Bondye Papa a te resisite Jezi. 31 Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la.

32 Nou menm, nou vin anonse nou Bòn Nouvèl konsènan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. 33 Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la:

Ou se pitit mwen.
    Depi jodi a, se mwen menm ki papa w.[b]

34 Bondye te resisite Jezi pou l pa t janm pouri ankò. Se sa k fè Bondye te di:

M ap ba ou tout bon bagay
    mwen te pwomèt David yo.[c]

35 Nan yon lòt pasaj, li ekri ankò:

Ou p ap kite moun ki apa pou ou a pouri anba tè.[d]

36 David li menm te fè volonte Bondye pandan tout lavi li. Apre sa, li mouri, yo antere l tankou tout zansèt li yo. Kò David pouri anba tè! 37 Men, sila a Bondye resisite a, li pa pouri anba tè. 38-39 Frè n yo, konprann byen sa n ap anonse nou an. Nou kapab jwenn padon pou peche nou yo nan Jezikris. Lalwa Moyiz la pa t ka delivre nou anba peche nou yo, men nou kapab jwenn padon pou peche nou epi ranje lavi nou avèk Bondye si sèlman nou kwè nan Jezi. 40 Kidonk, se pou n pran prekosyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:

41 Gade non, nou menm ki gen dout nan kè nou,
    nou gen pou n sezi, epi n ap mouri met sou li;
Paske pandan tan pa nou an la,
    m pral fè yon bagay nou p ap kwè.
Nou pa t ap janm kwè l,
    menmsi moun ta rakonte nou li!”[e]

Error: 'Sòm 138 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 17:17-18' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International