Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the GNT. Switch to the GNT to read along with the audio.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '2 Istwa 11-13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 8:26-39

26 Sentespri a ede nou tou, paske nou sitèlman fèb. Nou pa menm konnen kijan pou n ta priye, men Sentespri a li menm pale ak Bondye pou nou, li sèvi ak soupi nou pa menm gen mo pou n ta tradui yo. 27 Bondye gentan konnen panse ki nan fon kè nou. Epi li konprann sa Sentespri a gen entansyon di li, paske Sentespri a ap pale pou pèp Bondye a yon fason ki tonbe daplon ak volonte Bondye.

28 Nou konnen Bondye[a] ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa. 29 Bondye te deja konnen yo anvan l te kreye lemonn. Epi li te deside pou yo tounen menm jan ak Jezikri, pitit li a pou li ka premye pitit pami anpil frè ak sè. 30 Bondye planifye pou yo vin menm jan ak pitit li a. Li chwazi deklare yo jis devan l. Epi lè l fin deklare yo jis devan li, li ba yo laglwa li.

Bondye renmen nou nan Jezikris

31 Ki sa n ta di sou sa? Poutèt Bondye pou nou, ki moun ki ka kanpe kont nou? 32 Menm pwòp pitit li Jezikri Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikri, pitit li a. 33 Ki lès ki ka akize moun Bondye chwazi yo? Pèsòn! Se Bondye ki deklare yo jis devan li. 34 Kilès ki ka pwononse kondanasyon moun Bondye yo? Pèsòn! Jezikri te mouri, anplis li te resisite, li adwat Bondye Papa a epi l ap priye an favè nou. 35 Èske gen yon bagay ki ka separe nou ak renmen Kris la? Èske se kalamite lavi, pwoblèm oubyen pèsekisyon ki ta separe nou ak renmen li? Si nou pa ta gen manje pou n manje oubyen rad pou n mete oubyen nou ta devan danje, menm devan lanmò, èske sa yo ka separe nou ak renmen li? 36 Jan Bib la di l,

“Poutèt ou menm nou kontre danje pou mouri tout tan.
    Moun vin gade nou menm ak mouton yo pral touye.”[b]

37 Men nan mitan tout pwoblèm sa yo, nou gen laviktwa total poutèt Bondye ki montre renmen li genyen pou nou. 38-39 Wi, mwen sèten, anyen p ap ka separe nou ak lanmou Bondye: kit se lanmò, kit se lavi, kit se anj yo oubyen espri yo k ap gouvène an lè a, kit se move lespri yo, kit se bagay k ap pase kounye a, kit se bagay ki va vini, kit se sa yo ki gen pouvwa, kit se fòs ki soti anwo nan syèl, kit se fòs ki soti anba sou latè, kit se nenpòt bagay nan kreyasyon an, pa gen anyen ki ka separe nou ak lanmou Bondye montre nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Error: 'Sòm 18:37-50' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 19:27-29' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International