The Daily Audio Bible
Today's audio is from the NIV. Switch to the NIV to read along with the audio.
15 Nou menm ki pa gen pwoblèm avèk bagay sa yo, se pou n gen pasyans devan lòt yo ki pa fò menm jan ak nou epi ki gen kèk dout. Nou pa dwe ap chache fè sa ki fè n plezi. 2 Se pou nou chak ap chache fè pwochen nou plezi nan fè sa ki byen, pou yo ka grandi pou vini pi fò nan lafwa yo. 3 Men Kris pa t ap chache fè pwòp tèt li plezi. Jan Pawòl Bondye di sa, “Lè moun yo ap joure w, m santi se mwen y ap joure.”[a] 4 Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo. 5 Se nan Bondye pasyans ak ankourajman soti. M ap priye pou Bondye ede nou viv an amoni youn ak lòt, nan swiv egzanp Jezikri. 6 Lè sa a, nou tout ap ansanm. Epi tout moun ansanm, n ap bay Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an laglwa. 7 Nou tou, se pou n resevwa youn lòt, menm jan Kris li menm, li te resevwa nou pou bay Bondye glwa. 8 M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo. 9 Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di:
“Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo;
Se poutèt sa m va di w mèsi.”[b]
10 Epi Bib la di ankò,
“Nou menm moun lòt nasyon yo,
se pou n rejwi nou tou ak pèp Bondye a.”[c]
11 Bib la di ankò,
“Louwe Senyè a, nou menm moun lòt nasyon yo;
Tout moun, chante pou fè lwanj Senyè a.”[d]
12 Epi Ezayi di,
“Gen yon moun k ap leve nan ras fanmi Jese.[e]
L ap vini pou l gouvène nasyon yo,
epi y ap mete espwa yo nan li menm.”[f]
13 Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.
Pòl ap pale sou travay li
14 Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy. 15 Poutan, m ap pran libète nan lèt sa a pou m pale avè nou sou kèk bagay m ta renmen nou sonje. Se bagay nou deja konnen. M ap fè sa paske Bondye, nan gras li, 16 li fè m vin sèvitè Jezikri pami moun ki pa Jwif yo. Li mete m apa pou preche mesaj Levanjil li a. Konsa, moun ki pa Jwif yo ka tounen yon bon ofrann pou Bondye. Epi se Sentespri a ki fè ofrann gen valè nan je Bondye.
17 M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikri. 18 Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a 19 ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt. 20 Men, mwen te toujou vle preche Levanjil sèlman nan zòn ki pa ko konnen Kris. M fè sa, pou m pa bati sou fondasyon lòt moun gentan prepare. 21 Men, selon sa Bib la di,
“Moun yo pa t anonse sa ap wè,
epi moun ki pa t tande pale de li ap konprann.”[g]
Pòl fè plan vizite Wòm
22 Se travay sa a ki kenbe m, ki fè anpil fwa, m pa gentan vin wè nou.
Copyright © 2017 by Bible League International