The Daily Audio Bible
Today's audio is from the NET. Switch to the NET to read along with the audio.
27 Ansanm, nou fòme kò Kris la. Chak moun pami nou se yon pati nan kò Kris la. 28 Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang. 29 Èske tout moun se apot? Èske tout moun se pwofèt? Èske tout moun ka anseye? Èske tout moun gen don mirak? 30 Èske tout moun gen don gerizon? Èske tout moun ka pale diferan kalite lang? Èske se tout ki ka entèprete lang sa yo? 31 Chèche ak tout kè nou don ki pi enpòtan yo. Kounye a, mwen pral lonje dwèt montre nou yon chemen ki pi bon pase tout lòt chemen.
Amou dwe sèvi nou gid
13 Menmsi mwen ta pale anpil nan lang moun pale sou latè, menm si mwen ta menm rive pale lang anj yo, si mwen pa aji avèk amou nan kè m pou lòt moun, mwen tankou yon gwo klòch k ap sonnen twòp, oswa yon senbal k ap fè gwo bri. 2 Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen. 3 Menm si mwen ta fè moun ki nan bezwen kado tout byen m posede, menm si mwen ta ofri pwòp kò m pou yo fè m soufri,[a] epi m ta santi m fyè, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa fè anyen menm.
4 Lanmou gen pasyans, lanmou aji ak mezerikòd. Lanmou pa jalou, lanmou pa vante tèt li, ni li pa gonfle ak ògèy. 5 Lanmou pa brital, ni li pa egoyis. Lanmou pa fache fasil. Lanmou pa kenbe yon lis bagay mal moun fè l. 6 Lanmou pa janm kontan lè gen enjistis, men li toujou kontan lè verite a parèt aklè. 7 Lanmou aksepte tout bagay ak pasyans. Lanmou pa janm pèdi konfyans, li pa janm pèdi espwa. Lanmou pa janm abandone.
8 Lanmou la pou tout tan. Tout lòt don yo gen pou rive nan bout yo, menm ata don pwofesi, don pou pale diferan lòt lang, ak don konesans espesyal. 9 Y ap disparèt paske konesans nou gen kounye a limite anpil, menm ata pwofesi yo gen limit yo. 10 Men lè jou pèfeksyon va rive, tout sa ki pa pafè gen pou disparèt.
11 Lè m te timoun mwen te pale tankou yon timoun, mwen te panse tankou yon timoun, mwen te rezone tankou yon timoun. Kounye a mwen vin granmoun, mwen sispann aji tankou yon timoun. 12 Kounye a, se yon reflè twoub n ap gade yon miwa. Men lè a gen pou rive kote n ap wè Bondye fasafas. Kounye a, mwen sèlman konnen Bondye anpati. Men lè a gen pou rive kote m ap konnen Bondye nèt, menm nivo Bondye konnen mwen. 13 Konsa, gen twa bagay ki pèmanan: lafwa, lesperans ak lanmou. Men menm pami twa a se lanmou ki pi gran.
Copyright © 2017 by Bible League International