The Daily Audio Bible
Today's audio is from the EHV. Switch to the EHV to read along with the audio.
Plan Pòl chanje
12 Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.[a] 13 Wi, nou pa mete diplis nan sa nou ekri voye ba ou. Nou ekri w sèlman bagay ou kapab li epi konprann. 14 Nou konnen ou konprann anpil bagay deja, men nou vle pou w santi w fyè poutèt nou, menm jan nou gen pou n fyè pou ou nan jou retou Senyè nou an, Jezikris.
15 Mwen te tèlman sèten, se sa k fè m te fè plan vizite nou an premye. Konsa, nou te ka jwenn yon doub benediksyon. 16 Mwen te fè plan vizite nou pandan m sou wout pou m al Masedwàn ak lè m tounen sot Masedwàn. Mwen te vle chache èd nan men nou pou vwayaj nan Jide a. 17 Èske nou panse mwen te fè plan sa yo menm jan ak lemonn? Oubyen, èske nou panse mwen fè yon plan mètdam, m ap di wi epi non an menm tan?
18 Si nou kwè Bondye fidèl, nou mèt kwè pawòl mwen di nou pa ka wi ak non an menm tan. 19 Mwen menm, Silas ak Timote, nou te pale w de Jezikris, pitit Bondye a. Ebyen, Jezi pa t nan balanse ant wi ak non an menm tan. Jezi te toujou wi. 20 Jezi se wi Bondye, paske se pa mwayen li menm tout pwomès Bondye yo akonpli. Se sa k fè se pa mwayen Jezi nou di “Amèn” ak tout sa ki bay Bondye glwa. 21 Se Bondye li menm ki ba nou fòs nan Jezikris. Se li menm tou ki mete nou apa pou n fè travay li. 22 Li mete sa l sou nou pou di nou se moun pa l. Li mete Sentespri li nan kè nou tankou yon avalwa sou tout sa l gen pou ban nou.
23 Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou. 24 Sa pa vle di n ap chache kontwole lafwa w. Ou deja gen yon lafwa ki solid. Men nou vle travay ansanm avèk ou pou pwòp bonè w.
2 Konsa, mwen te deside mwen p ap vizite nou ankò, poutèt se tristès m ap pote pou nou. 2 Si m fè nou tris, ki lès k ap fè kè m kontan? Èske se pa menm nou menm mwen fè tris la? 3 Mwen te ekri nou yon lèt davans pou moun ki la pou fè kè m kontan yo pa t rann mwen tris. Mwen te sèten lè m kontan sa fè nou kontan tou. 4 Wi, mwen te gen anpil dlo nan je m lè m t ap ekri lèt m te voye anvan an. Kè m te tris. Mwen te gen anpil enkyetid, men mwen pa t janm gen nan tèt mwen pou m fè nou lapenn, mwen te plis vle fè nou konnen kijan mwen renmen nou.
Pòl mande padone yon moun ki te aji mal
5 Gen youn pami nou ki te fè yon bagay ki bay tristès. Men lè w byen gade, tristès la pa t pou mwen sèlman; li te pou nou tout. (Mwen pa vle egzajere pou fè bagay la parèt pi grav pase sa l te ye a.) 6 Pinisyon majorite moun legliz la te ba li a sifi. 7 Kounye a, se pou nou padone li epi ankouraje li. Si se pa sa, tristès la ka pouse l abandone. 8 M ap egzòte nou pou nou manifeste lanmou anvè li. 9 Mwen ekri nou pou m k konnen si nou pare pou n obeyi nan tout bagay. 10 Depi nou padone yon moun, mwen menm tou mwen padone l. Epi si te gen yon bagay pou m padone, mwen padone l poutèt nou, nan prezans Kris la. 11 Mwen fè l konsa pou Satan pa jwenn okenn avantaj sou nou. Nou konnen byen ki plan li genyen.
Copyright © 2017 by Bible League International