Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the EHV. Switch to the EHV to read along with the audio.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jòb 20-22' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 1:1-11

Mwen menm Pòl, apot Jezikris,[a] paske Bondye limenm deside chwazi m, ansanm ak frè nou Sostèn, n ap salye legliz Bondye a nan vil Korent lan. Nou se moun Bondye konsakre nan sèvis Jezikris. Nou se moun Bondye rele pou nou viv yon lavi ki sen menm jan ak tout lòt moun toupatou ki mete konfyans yo nan Senyè a,[b] Senyè yo tankou Senyè pa nou tou.

Se pou Bondye Papa nou ak Senyè Jezikris ba nou benediksyon ak lapè l!

Pòl ap di Bondye mèsi

Mwen p ap janm sispann di Bondye mèsi pou nou pou benediksyon li ba nou paske nou nan Jezikris. Nan Jezikris, Bondye beni nou ak moun ki gen tout kalite bon pawòl ak tout konesans. Sa yo se prèv ki konfime mesaj nou an se verite a. Gade sou nou menm korentyen, Bondye ban nou tout kalite don pandan n ap tann Jezikris, Senyè nou an retounen. Se li menm k ap kenbe nou fèm jiska lafen, pèsòn p ap jwenn anyen pou akize nou, jouktan jou retou Senyè nou an Jezikris rive. Bondye fidèl. Se li menm ki chwazi nou pou n gen menm lavi ak lavi Pitit li a, Jezikris, Senyè nou an.

Pwoblèm divizyon nan legliz Korent

10 Frè m ak sè m yo, Senyè nou Jezikris mande nou pou nou antann nou. Pa dwe gen divizyon nan mitan nou. Mete tèt nou ansanm pou nou gen menm panse, pou nou pataje menm konviksyon.

11 Mwen di sa paske kèk moun ki soti lakay fanmi Kloye fè m konnen gen divizyon nan mitan nou.

Error: 'Sòm 40:11-17' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 22:2-4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International