Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the NIV. Switch to the NIV to read along with the audio.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '2 Istwa 32-33:13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 15:23-16:9

23 Depi plizyè lane, mwen te vle vizite nou. Kounye a, travay mwen fini nan zòn sa yo. 24 M ap pase vizite nou lè m pral an Espay. Paske m swete wè nou pandan m ap pase, pou n ka gen yon bon moman ansanm. M swete nou va ede m kontinye pouswiv vwayaj mwen tou.

25 Kounye a, se Jerizalèm m prale, pou m al ede pèp Bondye a. 26 Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo. 27 Yo te kontan fè sa. Se kòm si yo te gen yon dèt pou legliz nan Jerizalèm. Paske yo pa Jwif, epi yo te jwenn benediksyon espirityèl pa mwayen Jwif yo. Konsa, yo t ap sèvi ak benediksyon materyèl yo genyen pou yo ede Jwif yo. 28 M ap ale Jerizalèm pou m ka sèten pòv yo resevwa lajan yo te bay pou yo a.

Lè m fin fè sa, m ap pati pou m al an Espay epi m ap rete nan chemen pou m pase vizite nou. 29 M konnen, rive m rive kote nou, m ap pote anpil benediksyon Kris pou nou.

30 Frè m ak sè m yo, men sa m mande nou, se pou n ede m lite nan lapriyè n ap fè monte bò kot Bondye pou mwen, grenmesi Jezikri ak renmen Sentespri a ban nou. 31 Priye pou m ka delivre anba moun Jide yo ki refize aksepte mesaj nou preche a. Priye pou èd m ap pote Jerizalèm nan ka fè pèp Bondye a plezi tou. 32 Lè sa a, si Bondye dakò avè m, m ap vin kote nou ak lajwa epi m va pran yon ti repo ansanm ak nou. 33 Se pou Bondye ki bay lapè a rete avèk nou tout! Amèn.

Dènye Pawòl

16 M rekòmande nou sè Febe. Li se yon dyakonès nan legliz ki nan lavil Sankre. Resevwa li nan non Senyè a. Ede l nan nenpòt fason l ta gen bezwen. Li menm, li se yon byenfetè pou anpil moun, mwen menm, m se youn nan yo. Resevwa l nan jan moun Bondye yo ta fè sa.

Salye Prisil ak Akilas pou mwen. Yo se kolaboratè mwen nan Jezikri. Yo te riske lavi yo pou yo te ka sove m. M genyen yo rekonesans, epi tout legliz pami moun ki pa Jwif yo genyen yo rekonesans tou.

Salye legliz ki reyini lakay yo a tou.

M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi.

Salye Mari pou mwen tou. Li te travay anpil pou ou menm.

Salye Andwonikis ak Jinya. Moun sa yo se fanmi mwen epi yo te nan prizon avè m. Yo menm te disip Kris anvan m. Epi yo fè pati moun ki pi enpòtan Kris voye pou fè travay li[a]

Salye Anpliyatis, bon zanmi m nan Senyè a. Salye Ibanis tou. Li te travay ansanm avè n pou Kris la. Salye Estakis tou, zanmi m

Error: 'Sòm 25:16-22' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 20:16-18' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International