Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the NIV. Switch to the NIV to read along with the audio.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '2 Istwa 19-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 10:14-11:12

14 Men kijan pou yo envoke l si yo pa kwè nan li? Kòman pou yo rive kwè nan li san yo pa tande l? Kòman pou yo rive tande, si pa gen moun k ap preche? 15 Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!”[a]

16 Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?”[b] 17 Konsa, lafwa vini lè nou tande Bòn Nouvèl la, epi nou tande Bòn Nouvèl la lè yon moun pale nou de Kris la.

18 Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di:

“Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè,
    mesaje yo rive tout kote nan lemonn.”[c]

19 Men m ap poze tèt mwen kesyon ankò, “moun pèp Izrayèl la pa t konprann sa, pa vre?” Wi, repons lan nan sa Bondye te gentan di anvan pa mwayen Moyiz:

“M ap sèvi ak moun ki pa yon vrè nasyon
    pou m fè nou vin jalou.
M ap sèvi ak moun ki pa gen bon konprann
    pou m fè nou fache.”[d]

20 Epi Ezayi pran kouraj li ak de men pou l di:

“Moun ki jwenn mwen,
    yo pa t menm ap chache m.
M fè menm moun ki pa t ap mande
    pou mwen konnen m.”[e]

21 Men, sou Izrayèl, Bondye di:

“Tout lasent jounen, m ap lonje men m bay pèp la,
    men yo dezobeyisan epi yo rebèl.”[f]

11 “Sa fè m ap mande, èske Bondye voye pèp li a jete?” Se pa sa ditou! Egzanp lavi pa m pwouve sa. An reyalite mwen menm, m se moun pèp Izrayèl la. M soti nan ras Abraram, m soti nan fanmi Benjamen. Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di: “Senyè, yo touye pwofèt ou yo, yo kraze lotèl ou yo. M se sèl pwofèt ki rete vivan, epi men y ap chache touye m.”[g] Men, ki repons Bondye te bay Eli? Men sa Bondye te di l: “M gen 7,000 moun de rezèv ki pa janm met ajenou devan zidòl ki rele Baal la.”[h]

Se menm bagay pou Izrayèl jodi a. Gen yon ti gwoup Izrayelit Bondye chwazi nan gras li ki rete fidèl. Si se nan gras li li chwazi yo, sa vle di se pa sou baz zèv yo te fè. Si l pa t konsa, nou pa t ap ka pale de gras.

Kisa sa vle di? Sa vle di: Pi fò pèp Izrayèl la pa jwenn sa yo t ap chache a. Men ti rès Izrayelit Bondye te chwazi yo te jwenn li. Men lòt yo, yo fèmen kè yo pou yo pa konprann. Se sa Bib la di:

“Bondye fè yo dòmi pou yo pa tande.”[i]
“Bondye bouche je yo pou yo pa wè,
    epi li bouche zòrèy yo pou fè yo pa ka tande.
    Sa kontinye jouk kounye a.”[j]

David deklare li menm tou:

“Tab kote y ap fete tounen yon pyèj pou yo, yon filè,
    yon kote ki fè yo fè bitay.
Se pou bon moman sa yo fè yo tonbe
    pou yo jwenn pinisyon yo merite.
10 Se pou je yo bouche pou yo pa ka wè,
    se pou y ap koube do yo tout tan anba gwo chay lou ak sousi.”[k]

11 Konsa, m ap mande, lè pèp Bondye a pa koute l, èske sa detwi yo nèt? Se pa sa ditou! Men, bitay Jwif yo fè a fè moun ki pa Jwif yo jwenn delivrans Bondye bay la, poutèt pou Jwif yo ta vin jalou. 12 Fot Jwif yo fè a pote anpil benediksyon pou lemonn, pou moun ki pa Jwif yo. Konsa nou ka imajine ki pi gran benediksyon sa va ye pou lemonn, lè ta gen ase Jwif ki ta vin tounen kalite moun Bondye vle yo ye!

Error: 'Sòm 21 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 20:4-6' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International