The Daily Audio Bible
Today's audio is from the GNT. Switch to the GNT to read along with the audio.
25 Se sa Bondye deklare pa mwayen pwofèt Oze:
“Pèp ki pa t pèp mwen an,
m ap rele l pèp mwen.
Epi nasyon m pa t renmen an,
m ap rele l nasyon byenneme m nan.”[a]
26 Epi,
“Menm kote yo te di yo:
Ou pa pèp mwen!
Menm kote sa a,
yo va rele yo pitit Bondye vivan an.”[b]
27 Pwofèt Ezayi rele byen fò pou l pale de pèp Izrayèl la konsa:
“Menm lè moun Izrayèl yo ta anpil,
menm jan ak sab ki bò lanmè
se kèk nan yo k ap sove sèlman.
28 Paske Senyè a ap fè sa l te di l ap fè sou latè a,
nan yon ti tan tou kout.”[c]
29 Ezayi te gentan di tou:
“Senyè toupisan an
te kite kèk moun vivan.
Si l pa t fè sa konsa,
kounye a, nou t ap menm jan ak Sodòm,
nou t ap menm jan ak lavil Gomò a.”[d]
30 “Ki sa pou nou konprann nan sa? Èske Bondye deklare moun ki pa Jwif yo jis menm si yo pa t ap fè efò pou sa?”
Wi. Yo benefisye jistis Bondye ki soti nan fidelite Jezikri. 31 Poutan, Izrayèl menm ki t ap swiv yon lwa pou yo ka vin jis devan Bondye, yo pa reyisi vin jis pou Bondye. 32 Sa k fè sa? Paske Izrayèl pa t chache vin jis pa mwayen lafwa, men pa mwayen zèv yo fè. Yo bite sou wòch ki fè moun tonbe a. 33 Se sa Bondye di nan Pawòl li:
“Men m mete yon wòch nan Siyon ki fè moun fè bitay.
Se yon karyann k ap fè moun tonbe.
Men, nenpòt moun ki fè l konfyans
p ap wont.”[e]
10 Frè m ak sè m yo, sa m ta renmen wè, bi priyè m pou pèp Izrayèl la, se pou yo tout ta rive sove. 2 Men temwanyaj mwen bay pou yo: yo vrèman fè anpil efò pou ta fè sa Bondye vle, men yo pa konprann plan li. 3 Yo pa konprann kisa Bondye fè pou l ka sove nou. Epi y ap eseye nan fason pa yo pou yo parèt jis devan Bondye. Konsa, yo derefize aksepte fason Bondye vle sove moun. 4 Lalwa rive nan bout li ak Kris la ki akonpli tout sa Lalwa te vle. Kounye a, Bondye aksepte tout moun ki kwè nan Kris la.
5 Paske, sou lajistis Lalwa bay la, men sa Moyiz ekri: “Moun ki fè sa Lalwa mande, y ap jwenn lavi ladan l.”[f] 6 Men sa Pawòl Bondye di sou fason yon moun vin jis devan Bondye pa mwayen fidelite Jezi: “Pa mande tèt ou: Ki moun k ap monte nan syèl?” (Se ta pou l fè Kris desann sou latè.) 7 “Epi, pa di: Ki lès ki pral desann nan pwofondè latè?” (Se ta pou n di “Ki moun ki pral fè Kris leve soti nan lanmò?”)
8 Men sa Bib la di: “Mesaj la tou pre w, li nan bouch ou epi li nan kè w.”[g] Se mesaj sa a Bondye voye, mesaj lafwa n ap preche a. 9 Si ou temwanye ak bouch ou Jezi se Senyè, epi si w kwè nan kè w vrèman vre Bondye te resisite l, w ap sove. 10 Wi, si nou kwè nan Jezi ak tout kè nou, Bondye fè nou vin lib devan l, lè nou temwanye lafwa nou ak bouch nou, Bondye sove nou.
11 Wi, Pawòl Bondye di: “Nenpòt moun ki kwè nan li p ap janm wont.”[h] 12 Konsa, pa gen okenn diferans ant moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif, paske yo tout gen menm Senyè ki pare pou beni tout moun ki rele l. 13 Men sa Bib la di, “Nenpòt moun ki rele nan non Senyè a[i] ap sove.”[j]
Copyright © 2017 by Bible League International